"Nan jesyon kominikasyon nan peryòd kriz, pou mesaj la pi efikas posib, mesaje a sipoze jwi de yon bòn pèsepsyon nan imajinè odyans sible a(reseptè-a)." Konsiltan nan domèn kominikasyon Jhonny CELICOURT te fè yon chita pale ak nou nan estidyo ATIZAY PRODUCTIONS an, pou ede nou fè limyè sou tèm: "KOMINIKASYON NAN PERYÒD KRIZ". Pa bliye abone ak chèn nan pou w konnen chak fwa nou pataje yon nouvèl epizòd #Causalité. Mèsi, Sylvain EXAVIER @sylexofficiel
Lè w se pèsonaj piblik chak moun gen yon jan yo wè w, souvan pèsepsyon yo konn baze sou atitid pèsonaj an kesyon an oubyen yo konpare l ak yon lòt pèsonaj nan menm domèn avè l ki devlope yon konpòtman diferan. Men anpil fwa pèsonaj sa konn pa wè tèt li jan lòt moun wè l. Se nan lide sa, olye mwen pran pòz moralis mwen pou m ale fè videyo piblik pou pretann map ba Guy Webern GUERRIER konsèy pandan map regle afè pa'm, mwen te deside chita pale ak Guy Wewe pou m mande l kòman li konprann wòl li kòm pèsonaj piblik? pa rapò a jan anpil moun wè l, sitou apre reyaksyon li te genyen lè Bob C te fè yon kòmantè anmè sou kèk mizisyen ayisyen ki pat ale nan antèman Jovenel MOÏSE? Mwen envite w gade konvèsasyon sa ki fèt an 2 pati. Part-1: https://bit.ly/3fvdkdk Sylvain EXAVIER @sylexofficiel
Tou depan de sitiyasyon MOUN kap fè eksperyans lan, imigrasyon se yon pwosesis ki ka revele l ase konplèks. Soti nan mannyè lavi ak pratik kiltirèl peyi orijin nan pa rapò a peyi akèy la, pase pa diferans ki ka egziste nan estrikti administratif ak sistèm lejislatif 2 peyi yo, pwosesis sa ka debouchen sou anpil sipriz. Malerezman, konplèksite pwosesis la pa toujou san efè sou moun ki ekspoze a defi ki vini ak avantaj imigrasyon genyen ladan l yo. Se sou baz konsta sa, mwen deside dedye premye sezon "CAUSALITÉ" a tematik sa: IMIGRASYON Dr Vardy PHAREL, MD, MPH, PsyD se envite Sylvain EXAVIER nan premye epizòd podkas videyo sa ki rele "CAUSALITÉ", avèk li n'ap gade ki enpak sikolojik imigrasyon genyen sou imigran yo a plizyè nivo. Konsepsyon ak prezantasyon: Sylvain EXAVIER Swiv mwen sou rezo yo nan: @sylexofficiel