Ann Koze

Ann koze se yon podkas ak jèn pou jèn, Ann koze se podkas lajenes la. pou rezon sa map envitew Vin tande Bon ak bèl sijè enteresan kap fomew , kap enfomew, kap fè kew kontan. Ann koze se yon podkas kap soti chak semèn ak yon sijè diferan nan lide pou mete moso lajwa nan kèw, pou kontribiye nan bonè w. Byen vini e mèsi pou sipòw. Ann koze prezante pa Wakenson Plaisimond. Wadoo12p

#55 Valè w depase aparans fizik ou.

Nan epizòd sa a, nou pale ak tout moun ki tj sibi bullying poutèt fizik yo.Sosyete a renmen fè moun kwè bote se sèl bagay ki bay valè, men se yon manti k ap kraze rèv, kè, ak konfyans anpil moun.Jodi a, Ann Koze vini ak yon mesaj klè:Ou bèl. Ou espesyal. Ou kapab. Valè w depase figi w, kò w, gwosè w, ak tout sa je moun konn jije.Bullying ka fè bri, men li pa ka efase limyè ki anndan w.Episode sa a la pou raple w fòs ou, bote pèsonèl ou, ak kapasite w pou w rive lwen, menm si yo te janm eseye diminye w.➡️ Si ou konn santi w pa ase… epizòd sa a pou ou.➡️ Si fawouch yo te fè w mal… mesaj sa se pou geri w.➡️ Si ou vle reprann konfyans ou pran ti tan gade e koute.Pa gen yon sèl modèl bote, ou Gen bote pa w. 🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

11-29
10:21

#54 Gen 3 moun ki pi enpòtan pase w.

Nan epizòd sa a, nou pale sou yon verite anpil moun bliye:pa gen pèsonn ki pi enpòtan pase w.pa gen pèsonn ki pi plis pase w.Sosyete a fè w kwè moun ki gen lajan, pouvwa oswa popilarite gen plis valè pase w…Manti sa yo rive kraze konfyans ou, fè w doute de tèt ou, pran fòs ou pou swiv rèv ou.Jodi a, mwen la pou raple w:Ou entelijan. Ou kapab. Ou se reyisit la menm.kwe nan tet ou.Lè ou imajine fen an, lespri ou kreye mwayen yo pou w rive.Kòmanse wè tèt ou kap viv rèv ou yo.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

11-19
06:30

#53 Ki zanmi ou dwe valorize?

Nan yon mond kote anpil moun ap chèche atansyon, validasyon, ak zanmi pou fè bèl foto sou rezo sosyal… vrè zanmi yo vin ra.Epizòd sa a se yon rapèl pou nou rekonèt epi apresye moun ki reyèlman vle wè nou grandi.Nou pale sou kalite zanmi ki mache ak ou nan moman difisil, ki korije ou ak lanmou, ki selebre siksè ou san jalouzi, epi ki mete non ou lè gen opòtinite. Zanmi ki pouse ou pou vin pi bon vèsyon tèt ou.Si ou gen yon moun konsa nan lavi w, ou rich. E si ou pa genyen… se petèt moman pou w reflechi sou kalite relasyon ou ap bati.Tande epizòd sa, pataje li ak yon moun ki merite w rekonesans.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

11-05
18:03

#52 Nomalize moun ou renmen an pa oblije renmen w.

Nan epizòd sa a, nou ap pale de yon bagay anpil moun pa vle tande: rejè lanmou.Wi, lè yon moun ou vle, pa vle ou. Lè ou bay kè w, men ou jwenn yon “mwen pa santi menm bagay la.”Anpil moun vin pran sa kòm yon ofans, yo vin fè lènmi ak moun ki te jis onèt.Men èske se sa ki nesesè?🎧 Ann Koze sou sijè a san rans, san ego, san rayi.Ann aprann ansanm pou aksepte “non an” avèk diyite, san pèdi lanmou pwòp tèt nou.Paske pafwa, moun ou vle a pa pou ou — e sa pa vle di ou pa vo lanmou.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

10-14
06:10

#51 Aplike metòd miwa a.

Nan epizòd sa a, nou pale sou yon tèm ki senp men ki gen anpil sans: Metòd miwa a.Se yon fason pou w aprann bay moun menm enèji yo ba ou.Si yo pa swete w bon fèt, pa fache — jis pa fòse bagay yo.Si yo pa montre enterè, pa kontinye pouse.Lavi vin pi lejè lè ou sispann bay plis pase sa w resevwa.Nan epizòd sa a, n ap reflechi sou balans, lanmou pwòp tèt, ak fason pou w pwoteje lapè ou.Tande jis nan fen an, paske gen pawòl ki ka ede w sispann bay kote pa gen rekonesans.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUyhttps://open.spotify.com/show/64OAxFinvazLBkLs4JiSErInstagram: https://www.instagram.com/annoukoze?igsh=MWd0NnBjNm5tajJjbQ==Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t=ZS-90MbFl18TlC&_r=1Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sjbc7xube4pw&s=09

10-10
08:36

#50 Si telefòn ou ak 3% chaj, eske w t ap prete yon lot moun chajè w la?

Nan epizòd sa a, nou poze yon kesyon senp men pwofon:🔋 “Ou ta p prete chajè w si telefòn ou gen sèlman 3% chaj”Kesyon sa a se yon metafò sou lavi a. Anpil fwa, nou toujou bay lòt moun lanmou, tan, ak enèji nou, men nou souvan bliye tet nou. Men lè nou bouke, lè batri nou dechaje eske nou sonje pran swen tet nou. 🎙️ Nan epizòd sa a, nou pale sou:✨ Enpòtans pran swen tèt ou✨ Diferans ant lanmou ak sakrifis✨ Kijan pou aprann mete tèt ou kòm priyorite san kilpabilite. Sonje: ou pa fèt pou etenn tèt ou pandan w ap limen lòt moun. Ou menm tou, ou merite repo, lapè ak lanmou. 💌📲 Abòne ak chèn lan pou plis epizòd ki fè reflechi ak ki pale sou lavi, lanmou ak tèt nou.🔔 Pa bliye aktive notifikasyon yo pou w pa rate pwochen epizod yo.#AnnKozePodcast #Refleksyon #LanMouPwòp #Motivasyon #ByenetSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUyhttps://open.spotify.com/show/64OAxFinvazLBkLs4JiSErInstagram: https://www.instagram.com/annoukoze?igsh=MWd0NnBjNm5tajJjbQ==Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t=ZS-90MbFl18TlC&_r=1Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sjbc7xube4pw&s=09

10-07
12:55

#49 Ou pa mawozo vre

Ou pa mawozo vre.Jodi a, anpil moun panse si w chwazi renmen yon sèl moun, si w fidèl, si w pa kouri dèyè chak fanm ki pase devan w, ou se yon mawozo. Men kite m di w yon bagay: sa pa fè w mawozo sa fè w yon moun ki gen prensip! 💯🔥Si w dako ak sa, kòmante anba: "M pa mawozo, mwen eksklizif!" 👇🏾#Mpamawozo #Mweneksplizif #LanmmouReyèl #Fidèlite #Eksklizivite #Respè #ValèTètOu #PaKiteYoFèwDouteSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

03-09
01:36

#48 Avantaj mete limit

Avantaj mete limit.Tout moun ki mal alèz ak limit ou yo se paske yo te abitye depase yo. Mete limit pa vle di w egoyis, ni li pa vle di w difisil… li vle di w renmen tèt ou ase pou pwoteje tèt ou. ✨🔥#LimitPaPwoblèm #AmouPwòp #PwotejeTètOu #FèRespèkteW #MeteLimit #KonprannValèW #RelasyonSante #KonvèsasyonReyèl #Haiti #Motivasyon#haitianpodcast#podcast#Podkas#Wadoo12p #Wadooshoot #WakensonPlaisimondSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

03-07
01:36

#47 Mwen fyè de ou

Ou te pase nan moman difisil san pèsonn pa remake sa, men ou kenbe fèm, ou avanse, epi ou reyalize anpil bagay. Mwen fyè de ou, fyè pou tout sa ou akonpli, pou tout sa ou reyalize. Pa janm sispann kwè nan tèt ou, kontinye klere!#MwenFyèDeOu #Siksè #Motivasyon #KwèNanTètOu #PaJanmAbandone #LesonLavi #KontinyeKlere #FòsAkDetèminasyonSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

03-04
01:58

#46 Kominikasyon se kle tout relasyon

🗣Kominikasyon se kle Tout Relasyon 🗣Kominike ka sove yon relasyon, li ka evite move konprann. Li ka geri. Twòp fwa nou chwazi silans olye nou eksprime sa nou santi… men silans pa toujou pwoteje, pafwa li detwi. Pa rete ak dout. Pa kite laperèz fè w pèdi sa ki enpòtan. Pale.#Pale #Kominikasyon #LapèLespri #KèPoze #FèYonKoze #SanBaboukèt #Relasyon #PawòlGenPwa #AnnKozeSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-15
01:55

# 45 Nomalize moun ou renmen an pa oblije ave w

💓Li pa oblije ave w.💓Gen moun ou ta renmen nan lavi w, men sa pa vle di lioblije renmen w tou. Se pa paske yon moun pa wè yon avni avè w ki fè w pa ase bon, ni ase valab. Ou merite yon moun ki chwazi w san ezitasyon, san w pa bezwen chanje pou l renmen w. Aprann aksepte, aprann kite ale, epi sonje ou merite yon pi bon.#RenmenTètOu #LanmouPwòp #OuMeritePiBon #FèChwaPouOu #SelfLove #Ayiti #KèPozeSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-13
01:58

#44 Aprann di w pa merite sa.

🤩Aprann di w pa merite sa. 🤩Lavi a twò kout pou w aksepte move tretman, neglijans, oswa mank de respè. Si yon bagay pa fè w byen, ou gen dwa ale! Chwazi tèt ou se pa egoyis, se lanmou pwòp. Ou vo plis pase sa yo panse a.#LanmouPwòp #SelfLove #RespekteTetOu #MoveTretmanPaPouMwen #MwenVoPlis #Motivasyon #PaPeJanmAle #Ayiti #HaitianInfluencer #HaitianContent #AprannAle #KonprannValew #KonfyanstetouSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-11
01:34

#43 Ou nan chimen gerizon an

💛Ou nan chimen gerizon an.💛Gen moman nou santi n ap avanse, men nou pa fin sèten si n rive geri. Men gen kèk siy ki montre w sou bon chemen an! Si ou rekonèt ou nan youn ladan yo, sonje: w ap fè pwogrè!Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo kote yo merite. Kenbe fèm, gen bèl jou k ap vini.#NapGeri #Pwogrè #SanteMantal #ChanjmanPozitif #KwèNanTetOu #LapèEnteryè #MwenApGeri #VibePozitif #FèwKonfyans #DepasePaseASupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-08
01:59

#42 Gen bèl jou k ap vini.

❤GEN BÈ L JOU K AP VINI.❤ Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo kote yo merite. Kenbe fèm, gen bèl jou k ap vini. #Lavi #KenbeFèm #Espwa #Refleksyon #Motivasyon #BonKè #Fòs #TiPaTiPaNapRive #BèlJouYoVini #fòs #limyè Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-05
01:50

#41 Pa ret atache ak sa k ap fe w mal

🖤 PA RETE KOLE AK SA K FÈ W MAL 🖤 Gen moun nou kenbe, relasyon nou pa vle lage, sitiyasyon nou tolere… jis paske yo fè nou souri de tan zan tan. Men, èske sa vo lapèn? Èske yon souri ka konpanse tout soufrans, tout dout, tout lanmou ki pa ase yo? Nan videyo sa, n ap pale sou lanmou ki fè mal, sou jan nou konn konfonn ti moso kè kontan ak vrè bonè. Ou merite plis pase ti gout afeksyon ki pa kontinye. Pa pè chwazi tèt ou. Pa pè kite sa k fè w mal pou louvri pòt pou sa w merite vrèman. #PaReteKole #OuVoPlis #MeteTètOuAnPremye #KiteSaKFèWMal #LanmouPaDweFèMal #BonèPaNegosyab #ChwaziTètOu #LaviSanToksisite #OuMeritePiByen #FòkOuReteFò Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

02-03
01:27

#40 Kontwole dezi seksyel ou

Kontwole dezi seksyèl ou, se plis pase yon zak disiplin; se yon fason pou evite manipilasyon epi bati relasyon ki baze sou respè ak onètete. Nan videyo sa a, nou pale sou kijan pou evite tonbe nan dinamik kote sèks itilize kòm yon eskiz pou pwoblèm epi kijan ou ka pran pi bon desizyon pou byennèt ou. Pran kontwòl, fè valè w respekte, paske lavi ou depann de sa. Ou menm, èske w nan kontwòl? Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

01-28
02:46

#39 Kek bagay nou konfonn ak lanmou.

Lanmou pa toujou sa nou panse e kwè, souvan nou konfonn atachman, atraksyon fizik, oswa menm jalouzi ak lanmou. Aprann rekonèt diferans lan e bati relasyon ki baze sou respè, konpreyansyon, ak respè mityèl. Menmsi lanmou se yon emosyon, li mande plis pase santiman pou li reyèl. #LanmouVre #RelasyonSerye #SaSeLanmou #KwèNanLanmou #LanmouAkRespè #AmityeAkKonpreyansyon #RelasyonPozitif #KonpreyansyonMityèl Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

01-25
02:37

#38 Nouvo komansman

Nouvo Kòmansman. Nouvo kòmansman yo difisil, men yo vo efò a. Jodia nan Ann koze nou vle raple w poukisa chak fen se yon opòtinite pou kòmanse ankò, malgre pè a, malgre difikilte yo. Pran kouraj, paske pi bon jou yo toujou devan nou. Pa bliye pataje ak yon moun ki bezwen tande mesaj sa jodia. #NouvoKòmansman #Espwa #Motivasyon #PaBayPèdi #Kouraj #ReveAkAksyon #FèPaOu #ChanjmanPozitif #LaviNouvo #AvanseToujou Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

01-24
00:54

#37 Mete Limit: Pwoteje Lapè ou ak Bonè ou

Mete limit se yon prèv respè pou tèt ou. Nan videyo sa, n ap pale sou enpòtans pou defini sa ou vle ak sa ou pa vle nan lavi ou, epi kijan pou pwoteje lapè, trankilite emosyonèl, ak bonè ou. Sonje, limit pa egoyis — se yon zouti pou pran swen tèt ou. Gade videyo a, pataje ak zanmi ou yo, epi aprann pran kontwòl sou relasyon ou yo! #MeteLimit #LapèEnteryè #BonèPaNegosyab #PwoteksyonTètOu #TrankiliteEmosyonèl #RespekteTètOu #RelasyonPozitif #SwenTètOu #FòsEnteryè Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

01-20
00:58

#36 Pa fose lanmou

Pa Fòse Lanmou, kite l koule natirèlman tankou bon dlo fre k ap koule nan rivyè. Li plis ke nesesè pou nou reflechi sou enpòtans pou pa fòse lanmou oswa aksyon nan yon relasyon. Ann aprann valorize jès ki fèt ak volonte, olye ak fet avèk fòs. Relasyon otantik bati sou libète, pa sou presyon. Èske w ap kite bagay yo fèt natirèlman oswa w ap fòse sa ki ta dwe vini nan kè? #PaFoseLanmou #KiteLanmouKoule #RelasyonNatirèl #LanmouAkLibète #PwòpChwa #AksyonKiSotiNanKè #RefleksyonRelasyon #AnnKoze #Motivasyon #AmelyorasyonPèsonèl #TravaySouTètOu #ChanjePouPiBon #refleksyon #haitianpodcast #haitian #podkas #annkoze #wakensonplaisimond #wadooshoot #waadoo12p Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

01-18
01:19

Recommend Channels