DiscoverAnn Pale
Ann Pale
Claim Ownership

Ann Pale

Author: Jonel Juste

Subscribed: 0Played: 0
Share

Description

ANN PALE se yon nouvo pòdkas Jonel Juste kreye pou pale sou divès sijè: Syans, teknoloji, imigrasyon, politik, sosyete, liv, elatriye...
11 Episodes
Reverse
Nou fè refleksyon sa a apre plizyè eskandal kèk konpatriyòt nou yo nan Dyaspora a enplike ladan yo. Gen yon vye mantalite nan Dyaspora a ki dwe chanje.
20 Eta Repibliken, ladan yo Florida, trennen Leta Federal Ameriken nan tribinal poutèt pwogram migrasyon Biden nan. Èske yo ka bloke pwogram nan vre? Èske pwogram nan kanpe? Tande sa.
Rezidans vs Pawòl

Rezidans vs Pawòl

2023-01-2215:23

Si w te ranpli yon petisyon I-130 pou fè yon fanmi w antre Etazini epi w vle patisipe nan pwogram Pawòl Biden nan (I-134), pou fè l antre pi rapid, tande sa.
Lè w panse tèl bagay ka ba w valè, ou joure tèt ou epi w joure Bondye. Se pa bagay ki pou ba w valè, fè w santi w enpòtan, se OU ki pou ta fè yon bagay santi l enpòtan.
Yon lòt gwo tranblemanntè frape Ayiti samdi 14 Out 2021. Gwo sekous sa a ki frape zòn sid peyi a non sèlman gen konsekans imen ak materyèl men li gen gen gwo konsekans jewolojik tou.
Etazini, li enpòtan pou chak kominote gen moun pou reprezante yo nan politik, li enpòtan pou sa yo rele minorite yo vote moun ki sanble ak yo pou defann enterè yo. Tout Ayisyen nan Dyaspora a pa wè l konsa. Genyen ki plis fè etranje konfyans.
Jodi a maladi kowona ap fè bak Etazini paske anpil moun ap pran vaksen. Anpil biznis ap relouvri tou tankou klèb, restoran. Men mèt restoran yo gen yon ti pwoblèm: yo pa jwenn ase moun pou travay. Anpil moun restoran sa yo te voye ale ane pase, lè kowona te fèk kòmanse, refize tounen travay. Koute pòdkas la pou konn pouki.
Gen yon fenomèn ki fin dechennen depi kèk tan nan peyi Etazini. Yo rele l Cancel Culture oubyen (Kilti) Bòykotaj. Se lè yo bòykote yon moun, anjeneral yon selebrite (atis, politisyen, komedyen, gwo ekriven elt) pou yon aksyon oubyen pawòl li te di swa an piblik oubyen sou rezo sosyal yo. Lè konsa yo soti pou fini ak moun sa a, pou efase l, elimine l, pa fizikman men sosyalman, finansyèman ou pwofesyonèlman. Men se pa sèl selebrite ki viktim fòm bòykotaj sa...
De gwo konpayi teknoloji Apple ak Facebook ap batay sou kesyon vi prive, done pèsonèl ak kapasite pou suiv aktivite konsomatè yo sou Entènèt. Apple vin ak yon bagay ki ka fè Facebook pèdi plizyè milya dola.
VAKSEN KOWONA

VAKSEN KOWONA

2021-04-0610:04

VAKSEN KOWONA se premye epizòd pòdkas ANN PALE. Li pale de kanpay vaksinasyon kont kowonaviris kap fèt Etazini kounye a, pi presizeman de eksperyans Jonel Juste ki te pran vaksen an limenm menm.
ANN PALE

ANN PALE

2021-04-0607:09

ANN PALE se yon nouvo pòdkas Jonel Juste kreye pou pale sou divès sijè: Syans, teknoloji, imigrasyon, politik, sosyete, liv, elatriye...
Comments 
loading