Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !
Anpil risk nan pratik seksyèl lakay jèn yo ! Doktè Kerry Norbrun esplike tout danje yo. Medsen Jeneralis lan pataje konsèy pratik pou yon pi bon konpòtman seksyèl responsab nan emisyon espesyal AyiboLab sa a. Ann koute !
6 lane aprè masak Lasalin nan, yon òdonans lajistis voye yon trantèn moun - pami yo 2 ansyen ofisyèl Leta ki gen non yo site nan masak sa a - jije nan tribinal kriminèl. Èske n ka konsidere masak Lasalin lan kòm youn nan konsekans ensekirite k ap vale teren an, oswa yon masak ki te planifye ? Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a an n koute envite nou Marie Yolène Gilles, direktris egzekitif FJKL.
Kisa kansè kòl matris lan ye ? Koute Doktè Beaugé Grégory k ap bay plizyè esplikasyon enteresan sou kijan maladi kansè a devlope. Ki prevansyon ou kapab pran ? Se tout kalte enfòmasyon sa yo ki pral brase nan emisyon espesyal Ayibolab sa.
Èske yon meri ka genyen pwòp polis li ? Kisa lalwa an Ayiti di sou sa? Se pami divès kesyon ki pral abòde nan emisyon espesyal AyiboLab sa. AyiboPost envite ansyen majistra Tirivyè a, Luc Wans Duvalsaint pou pale de sitiyasyon sa.
Men tout sa w dwe konnen sou kansè nan tete. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, AyiboPost envite jinekològ epi kansewològ Fernandel Michel pou ede n konprann kisa maladi kansè nan tete ye ojis. Ann tande l
Rate medikaman an Ayiti dènye mwa sa yo lakòz mache nwa ak fo medikaman fè kenken nan peyi a. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa, AyiboPost envite prezidan asosyasyon famasyen Ayiti a, Pierre Hugues Saint-Jean.
Mars & Kline, sèl lopital ki te kontinye ap resevwa pasyan nan sikyatri nan Pòtoprens, pa ka fonksyone jounen jodi a. AyiboPost resevwa sikològ Vinson Bradley Noël ak sikyat Joseph Dimitri Ronald Thadal k ap travay nan lopital lan pou n eseye konprann sitiyasyon an.
Bay yon timoun zam jwèt kòm kado nan kontèks nou ye an Ayiti a, èske se yon bon lide ? Doktè nan sosyoloji Képler Aurélien ak edikatè Richard Norvil ap debat sou kesyon an nan emisyon AyiboLab sa.
AyiboPost al vizite libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, 2 responsab "Livres Solidaires Haïti" ap fè nou vizite e ede nou konprann kijan libreri sa fonksyone an reyalite.
Lekòl toujou nan gwo difikilte pou yo louvri an Ayiti. Nan yon kontèks kote anpil lekòl jounen jodiya tounen abri pwovizwa e anpil moun nan Pòtoprens ap kouri kite kay yo pou bandi, AyiboPost envite yon kad nan Ministè edikasyon nasyonal, ak yon pwofesè sendikalis pou debat sou koze sa.
Sistèm edikatif ayisyen an pa bay kilti peyi a ase enpòtans; sa ki kreye yon dekoneksyon ant divès jenerasyon yo ki lakòz elèv ayisyen an vin pa vrèman konn kilti peyi l. Jacques-Michel Gourgues ki se doktè nan syans edikasyon ak metè an sèn Eliezer Guérismé entèvni sou kesyon an nan emisyon espesyal AyiboLab sa.
Gen anpil koripsyon ak dezòd anndan sendika yo an Ayiti. Nan lide pou pote plis limyè sou fonksyònman sendika yo nan peyi a, AyiboPost resevwa mèt Phillipe Junior Volmar ki se yon avoka spesyalize nan dwa travay ak sekretè jeneral Antèn Ouvriye, Lominy Edmond.
Goud ak degouden, ti monnen sa yo gen anpil enpòtans nan ekonomi peyi a. Ekonomis Peterson Benjamin Noel ak pwofesè Jims-Carlin St-Hubert ap ede n konprann poukisa nou pa ta dwe janm jete ti monnen sa yo. An n tande:
Gen gwo baryè ki monte nan anpil katye nan Pòtoprens. Se fason sa anpil zòn chwazi pwoteje tèt yo kont ensekirite a nan yon kontèks kote bandi ap pran plis tèritwa chak jou. Men, tout moun pa wè baryè sa yo menm jan, e gen moun li afekte plis pase lòt. AyiboPost envite sosyològ Kesler Bien-Aimé, pou l ka ede konprann temwànyaj plizyè abitan k ap viv nan zòn sa yo.
Nan komin Kafou, abitan bò lanmè a plede pouse dlo a ak fatra, ranblè, kawoutchou... pou yo ka konstwi kay yo. Se pratik sa ki rele «fè tè» a. AyiboPost te remake danje ki gen nan pratik sa, li envite enjenyè Richard Haspil ak Odnell David pou ede n pi byen konprann sa k ap pase a. An n tande:
Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme». An n tande yo nan emisyon AyiboLab espesyal sa a.
Lè n ap respire nan Pòtoprens lan reprezante gwo malè pandye pou sante n. AyiboPost envite chimis Job Paul ak medsen jeneralis Ricarven Ovil pou ede n konprann pi byen risk yo. An n koute !
Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas nan kontèks ensekirite n ap viv nan peyi a.
Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti. Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz? Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm Volny Paultre, pou n debat sou sijè sa. Ann tande.