Framework Conversations

Become a Paid Subscriber: <a href="https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe" target="_blank">https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe</a> Join leader, optimist and change maker Davidson Jules as he sits down with some brilliant, inspiring and wonderful guests on their life stories and changes they are making to this world and people's lives. We talk about educational leadership, personal development and topics that matter for sustainable solution. Our goal is to Motivate, Encourage and Inspire! "If your goals don't influence your calendar, they aren't really your goals". Kent Ingle.

3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj vokal pou nou nap twò kontan reponn nou nan pwòch en epizòd la. Pa bliye abòne ak podcast la sou platfòm ke moun Ka tande podcast pouw ka resevwa tout denye epizòd nou yo. Nou kontan genyenw kòm oditè, siw se youn nan moun kap tande nou depi 2019 fè nou konn sa nan yon kòmantè paske nou ta renmen salyew nan pwochen epizod la men kite yon ti kado pou ou 🤩

03-15
19:44

Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo… Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou. Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew pase pouw rive kotew ye a, jiskaskew fon ti gade dèyè. Youn nan bon prensip ke mwen swete pataje avèw pouw ane sa parapò ak objektif ou yo, se fè sur kew kapab mezire tout objektif sa yo, siw paka mezire yo, yo pa yon objektif. Se kapab petèt yon bon oswa bèl ide, li ka petèt yon bagay kew ta renmen reyalize, oubyen yon bagay kew swete fè meditasyon sou li. Toutotan, se pa yon bagay kew kapab mezire, yon bagay kew ka kantifye, mete yon dat spesifik sou li epi revizel regilyèman, li poko yon objektif. Pou ane sa, Olye nap mete yon pakèt bèl rezolisyon nan lis nou, anpil fwa ki sèlman baze sou lafwa; paske gen anpil kondisyon ki reyni poun paka reyalize yo vre. Map envitew konsidere ansanm ak mwen 3 kesyon sa yo, ke mwen kwè kap pote yon diferans nan anviwonman travay ou ansanm avèk ekip ou pou nouvo ane sa. 1-Kijan ou ka kontinye envesti nan manm ekip ou yo? 2-Ki Bagay kew te fè oswa metod ke ou te aplike nan fasonw Travay ki fè moun sa yo toujou renmen Travay avèk ou? 3-Kisa moun ke wap sèvi yo te apresye pandan ane ki sot pase a nan modèl lidèchip wap aplike a? Se kesyon sa yo nou eseye gade nan epizod sa epi pataje refleksyon ak eksperyans pèsonèl nou ak ou. Si se pwemye fwa wap koute podcast sa, mwen envitew tape framework Conversations sou tout platfòm ke moun ka tande podcast pouw ka gen aksè ak tout ansyen épisode nou yo epi abonde pouw ka resevwa nouvo épisode nou yo chak fwa yo disponible. Non Pam se Davidson Jules,

01-13
16:08

Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Nan epizod sa, nou pale sou kòman ou kapab koupe fache ak move ABITID yo epi pataje 2 aksyon siw aplike kap edew fini ak move abitid sa epi vini moun ke ou vle ye a. “Lespwa pa kapab chanje modèl lidèchip ou. Men abitid ou yo ka chanje modèl lidèchip oswa kalite moun ke ou ye a." James Clear: « Chanje konpòtman pi enpòtan epi lap dire pi lontan lèw pran tan ki nesesè a pouw rive fè chanjman sa, se konsistans kap baw rezilta sa parapò ak tan an». Youn nan Bagay mwen vle atire atansyonw sou li, se move abitid yo ap koutew chè kanmenm. Siw toujou ap viv san rete nan lobedyzns move abitid ou yo, mod konpotman sa pral mennen lavi ak lidèchip wap ekzekite a egzakteman kote ou pat vle rive a. Atansyon, veye byen 5 deklanchè komen sa yo: • Andwa- ou pap manje twòp nan sant espò a, men ou kapab petèt fè sa devan gadmanje a. • Tan - Ou santil nòmal pouw pa mezire tan lè wap repoze, men ou gen tandans jistifye retaw la nan semèn nan ak yon eskiz kew fatige anpil. Wap ka koute lot yo nan epizod la. Pa bliye pataje epizod lan ak yon lot moun.

02-05
15:55

Ayiti - Lajenès - Sendomeng (E si tout sa yo te di nou yo, se te MANTI… 🤔).

Epizòd sa son epizòd ki anrejistre nan yon kad espesyal. Envite nou pou epizòd sa se Jean Marley Steeve Cantave; ansanm ak Cantave nou pale sou pwosesis entegrasyonl antanke jèn Aysyen ki te debake nan Sendomeng sa pral gen 6 lane. Ansanm nou eseye konprann Jan 2 peyi vwazen sa yo fonksyone, opòtinite ak pwoblèm ke jèn nan 2 peyi a sa yo ap fè sa men tout fenomèn Aysyen ki ale Viv Sendomeng pa grap nan denye moman sa yo. Epizòd sa plis baze sou eksperyans envite a nan tout 2 peyi sa yo, pandan lap pataje opinyon pèsonèl li sou sal konprann epi pataje kèk konsèy parapò ak sal Viv pou sila sa yo ki fenk antre vin Viv Sendomeng ak tout lòt moun sa yo ki gen entansyon vin viv la. Son Epizòd ki anrejistre San pwotokòl se te jis yon chita pale ant 2 zanmi pou yon konvèzasyon kap itil. Sonje pataje epizod nou yo epi abone ak podcast nou an ki disponib sou tout platfòm kew ka tande podcast, pouw ka pa ankenn nan denye epizòd nou yo.

08-30
01:42:37

Poukisa yon Lidè sispann GRANDI?

Sak pase! Non pam se Davidson Jules e byenvini nan Framework conversations. Majorite moun swete wè bagay yo chanje, yo plis ke motive pou yo chanje mond lan, men anpil nan nou pa konsyan ke li preske enposid pouw chanje anyen nan mond sa si tout fwa ou pa deside kòmanse chanje tèt ou anvan. Nan epizod jodia nou pral pale de 4 abitid pami anpil lot ki ka fè yon lidè oswa nenpòt moun Lan sispann grandi. 4 abitid ki ka fè yon lidè ou nenpòt moun sispann grandi, e tou depan de kisaw fè kòm aktivite oswa pozisyon GRANDI paw la kapab diferan de kòlèd ki kotew la. Gen anpil Rezon ki ka koz yon lidè sispann grandi, yon lidè ki sispann grandi kapab tounen yon andikap pou moun lap lid yo, antrepriz oswa kominote lap sèvi a. Sijè nap gade ansanm jodia son sijè ke anpil gran lidè ak chef antrepriz tankou: Kent Ingle president South Eastern university nan Florida, Pastè Greg Grochel youn nan inisyatè Somè modyal sou lideship ki fet chak ane, … pataje opinion pa yo sou sijè sa. “Poukisa yon lidè sispann grandi?” Se petet kesyon ke anpil nan nou souvan poze e petet ke jodia a anko wap tann yon repons. Egzanp yo anpil, senp antreprenè oswa lidè ke nan yon epòk nou te konn pran kòm modèl, moun kite enspire nou anpil bagay men a yon moman done nan kous la nou reyalize ke moun sa yo sispann grandi, yo sispann enspire nou e jodia tout pi gro reyalizasyon lidè sa yo se sa ke yo te fè pase. Nan kominote pa nou Ann pran yon istwa tankou istwa Mathias Pierre a kòm egzanp: A yon epòk Mathias Pierre reprezante yon bousòl pou anpil jèn nan peyi a, Fondation ETRE Haitian se youn nan pi bon sant oswa platfòm ki te ka janm egziste pou jèn nan peyi sa… Anpil nan nou kap tande epizod sa te petèt benefisye de modèl lidèship Mathias or vizyon antreprenaria li tap eseye mete nan fason nou panse kòm jèn (kòm moun) etc… Jounen jodia Mathias se youn nan pèsonalite piblik moun plis kritike San okenn respè nan radyo ak sou rezo yo… Men eske gon moun oswa eske Mathias rann li kont aki moman li sispann yon modèl pou jèn moun nan peyi a, ke model lideship li vin pa vle di anyen ankò pou anpil moun e menm pouse anpil moun a bliye sil te gon pase ki te itil… nou pap fon epizod sou lavi Mathias men mpanse egzanp Mathias la se youn pami anpil lòt egzanp de lidè sa yo ki sispann gandi a yon moman ou yon lòt… Parapò ak egzanp Mathias la, gen plizyè kesyon nou ta kapab poze: * Ki Sak koz lidè yo sispann grandi, aprè kek akonplisman? * Poukisa depi lidè yo sispann grandi yo tonbe nan yon nivo ki pi ba ke lè yo tap fenk komanse? Nap jwenn plizyè Egzanp sa yo de model lidè sa yo nan kominote nou an, refleksyon ki fèt sou sijè sa; pèmèt nou rive konprann ke wap jwenn omwen 2 a 3 karakteristik ke sa Lakay modèl lidè sa yo ki sispann grandi nap rele abitid nan epizod ke map gen poum pataje ansanm avèw nan pati 2 a. 4 Atitid ki ka non sèlman edew rekonèt modèl lidè sa yo men sitou evite ke ou menm ou tonbe nan menm pyèj sa pi devan, paske vle ou pa pandan pwosesis la wap gen pouw fè fas ak sityasyon parèy. 1- Moun sa yo panse ke yo rive kote yo vle swete rive a! Donk pa gen obligasyon pou yon kontinye Travay sou tèt yo nan sousi pou yo vin yon pi bon vèsyon de moun ke yo ye kounia. Anpil lidè konsidere ti pwemye siksè ke yo fè nan kous la kòmsi yo te atenn pik somè siksè yo. Donk yo akonpli yon bagay kèlkonk nan karyè yo epi yo sispann grandi. 2- Yo plis chita sou sa yo te akonpli nan yon epòk! Sa ka etonew ke anpil lidè toujou panse ke yo ka kontinye ap gide ekip yo nan yon pi bon demen baze sou prensip ak metòd ki te pèmèt yo fè siksè 10 - 15 lane avan. Anpil fwa nou pa konsyan ke bagay nap fè tout tan yo pap mennen nou ni bay okenn rezilta key pat janm gen avan e se youn nan pi gwo andikap lidè sa yo ki vle yon pi bon Fiti men ki rete kwense sou akonplisman pase yo. E chwa konsa ap pèmèt ou wè fitiw nan pasew selman! … 3&4. …. Paske alafen se swaw kontinye grandi nan pwosesis la, kreye chanjman oswa…

06-21
19:56

Marie Jenny Dorléan yon modèl Lidèship Feminin Poun Ankouraje (ansent a 16 zan daj...CEO Bèlpanyen)

Nan epizod sa nou prezantew Marie Jenny Dorléan, ki son lidè, yon jèn fanm angaje, inisyatèz diferan aktivite kominote yo e ki reprezante Kenscoff komin kotel soti avek anpil fyète. Jenny ap dirije Pwòp bisniz li kison statòp sou non “Bèl Panyen”. Bèl Panyen son biniz ki fasilite moun achte fri ak tout kalite legim frè pou nenpot okazyon. Wap ka visite oswa komande saw vle a sou Paj Facebook ak Instagram biznis lèw tape “Bèl Panyen”. Pandan tout konvèzasyon an, Marie Jenny Dorlean pale nou de Kèk lidè pami lidè fanm sa yo ki enflyanse aksyon ak desizyon kel pran pandan egzistans li. Li mansyone Listwa Oprah W. kòm youn nan istwa ki te enspirel epi edel soti nan yon period kite trè difisil nan lavil, nan moman kel te ansent a 16 zan daj el te nan klas reto alepok. Jus imajinew nan yon sitiasyon parèy! Se vre period sa te difisil pou li men li pat abandone lekol li nil pat abandone tou bebe sa kel tap pote a, kise youn nan sous lajwal jounen jodia. Atanke fanm kap fè biznis nan yon peyi osi difisil ke Ayiti, Marie Jenny D. pataje ak nou 3 atid ak 3 aksyon li kwè ke yon moun kap fè oswa ki pral lanse yon biznis dwe aplike nan woutin epi poze kòm aksyon nan lide poul sa rive wè rev sa vini yon reyalite. Menm Jan ak tout moun kap fè biznis Marie Jenny D. Konn kase danl tou parapò ak desizyon epi chwa ke lap fè nan biznis men sa pa anpechel kontinye avanse epi satisfè kliyantèl li a... Se pa toujou fasil poun jwen moun ki chwazi ofri sevis yo ak lot moun oswa a yon kominote jèn gratis e kòm moun ki deside dirije pandan lap sevi kom egzanp pou moun lap lid yo, Jenny abitye ofri sevis li kòm volontè a plizyè òganozasyon e nan epizod sa li pwofite pataje opinyonl ak nou sou nesesite epi enpotans pou yon jèn fè volontaria men tou li pataje kek benefis kel jwenn nan ofris sevis li gratis ak lot moun. Marie Jenny Dorlean son model lideship feminin ke anpil moun ta sipoze swiv pou kouran ak detèminasyonl nan lavi. Mwen envitew tande tout epizod pouw sa gen plis detay sou modèl lidèship feminin sa padan nap pwofite raple ke gen anpil lot fanm tankou Marie Jenny Dorléan anndan kominote yo kap fè anpil bagay ekstrawòdinè e ki merite ke nou ba yo kredi pou diferans yap fè nan vi moun sa yo ke yap lid yo pou yon pi bon sosyete. Pa bliye kite kesyon ak komantèw yo pou nou sou nenpot platfòm wap tande epizod sa e siw poko abòne ak chanel nou an pa ezite fè sa pouw ka rete konekte ak nou men sitou gen eksklizivite tout denye epizod nou yo. Sonje pataje epizod sa tou ak yon zanmi paskew pa janm konnen ki diferans li ka fè nan lavi pal. Framework conversations disponib sou tout platfòm kew kapab tande podcast 🎧

03-08
01:18:53

Yon pi bon lane 2021, depann de Aksyon-Chwa Ak Desizyonw yo...

Epizod #22. Pwemye epizod nou pou ane 2021 an e pwemye epizod tou pou sezon 4 la. Nan epizod sa nou remesyew antanke moun ki fè de podcast sa youn nan preferel, moun ki pat sispann pataje epizod nou yo ak yon zanmi, fanmi etc... Ladanl nou ankourajew pran desizyon epi poze aksyon nan bon sans Lan kap pemet ou rive atenn objektif kew sikse pou ane 2021 sa, nou pataje 3 aksyon avew pami anpil lot aksyon wap gen pouw poze pandan tout pwosesis la pouw vini yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia, vini yon pi bon lidè, yon pi bon pwofesyonèl... Nan epizod sa nou baw yon ide de kisa nap pote pou ou pandan sezon 4 la ak lot sezon kap gen pou pibliye pandan tout ane a, e sijè tankou enpotans sante mantal nou genyen, model lidèship ki santrel sou enpotans moun avan tou pou yon pi bon yon pi gwo enpak anndan kominote yo; kalite osinon karaktè sa yo kap edew vin yon pi bon lidè ansanm ak sijè sa yo ki gon enpotans kapital pou yon lot model sitwayen pou yon pi bon sosyete... Nou profite ankouraje tout lidè Ak pwofesyonèl kap fon Travay enpotan anndan kominote yo pou pa neglije fè tande vwa yo paske nou bezwen tande plis pawol itil plis pawol ki sanse eki kapab enfliyense plis moun nan bon sans lan. Epizod sa fet nan lidè pou atire atansyonw sou enpotans poze aksyon genyen pouw sa rive atenn objektif nou yo epi rive wè chanjman sa ke nap pwone a depi anpil ane deja.... Se vre espwa fè Viv m’en Siw bezwen rezilta fow poze aksyon paske poze aksyon se bagay #1 kap mennenw vè rezilta kew swete yo. Sonje kel enpotan pouw toujou pataje epizod yo ak yon zanmi, kite komantè pou di nou saw panse de Travay la, sijè nou trete yo ak sijè kew ta renmen tande plis nan epizod nou yo. Pa ezite voye kesyon pou nou e nap kontan reponn ou nan pwoche epizod la. Pa janm bliye tinrapèl sa, ke siw bezwen nouvo rezilta wap bezwen komanse fè bagay kew potko fè avan! Abone Ak chanèl nou an tout kote moun tande podcast jus tape « Framework Conversations » konsa wap rete konekte Ak nou epi gen enfòmasyon de tout denye epizod nou yo. 😁

01-11
21:21

Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles

Pandan yon kategori jwenn diferan eskiz pou justifye rezon kifè yo pòv nan pran initiativ, oswa pòv nan kapasite Kreyativ yo de manyè jeneral... An patikilye pandan ane sa kite yon ane ekstrèmeman difisil pou anpil rezon; Gon lot kategori ki pa janm sispann Travay, ki pa sispann kreye e ki pa janm sispann inove. Envite nou pou epizod sa, fè pati de kategori moun sa yo ki pa sispann kreye eki kwè ke li plis ke enpotan pou se nou ki gen kontrol sikonstans yo olye ke se sikonstans yo ki dikte nou sa pou nou fè. Nan epizod sa nou gade ansanm: -Rezime ane 2020 an bò kote pal -Dekòtike denye initiative kel lanse nan mwa pase yo -Komanl konprann oswa komanl dijere moman echek yo, or lew rive kase danl nan diferan aktivite ke lap mennen yo -Ki parapòl devlope ak echek parapo ak diferan eksperiyans kel fè deja... Nou pale tou sou koman nan kiliti pa nou, nou wè Echèk, koman nou grandi avek santiman ke echek se pi move bagay kite ka rive nou, e depi lekol paran nou fè nou konprann ke se bèl rezilta selman ki konte e se anenpot ki pri, nou pran plezi sou kamarad nou yo lè yo pa reysi... paske reysit son bèl bagay. Se pata yon move bagay ke yo te lève nou konsa men kite nou grandi ak santiman ke se sèl siksè ki posib pouw fè nan lavi e ke echek se pi yon move bagay ki ka rive yon moun nan lavi fè nou pè echek pase tout lòt bagay e nan anpil ka lè nou echwe nou panse ke lavi fini e ke pa gen Okenn mwayen ke nou ka pase nou de echek sa poun ta rive akonpli rev ak misyon nou... Mesaj Pam pou ou, pou fin ane a se: Siw panse kew pa Janm fè erè konnen wap fèl mal, sa wap fè a. Siw pa jwenn anyen pouw korije konnen wap fèl trè mal. E Siw pa konsyan kew ap fèl mal konnen wap fèl ekstrèmeman mal. Men! pa enkyetew trop, ou pa pwemye moun ki nan enpas sa el posib pouw soti ladanl siw gen volonte pou sa e pwemye aksyon ou sipoze fè se padone tèt ou. Mwen vle diw jodia ke li lè li tan pouw padone tèt ou pou tout erè kew te fè, mwen vle ankourajew padone tet ou pou tout echèk kew eksperimante nan pasew e menm pou sa kita gen pou vini yo epi kwè kel posib pouw komanse jodia siw swete vin meyè demen Pa ezite rekomanse siw te deja komanse ew konprann ke sa pap tro byen mâche, mwen diw kontinye avanse malgre difikilte ak echek kew kapab rankontre sou wout ou paske ou vo plis ke sa. Konprann ke Okenn echèk pa fatal men sa ki pi enpotan an se ki reyaksyonw fas a moman echek yo, ki atitid ou, ki strateji kew aplike Paske reyaksyonw pandan ak apre yon moman chek osinon aprew fin kase danw detèminan pou kantite posiblite kew genyen pouw fè siksè ak atenn objektif ou yo. Sonje pouw jwenn rezilta kew potko janm jwenn oparavan malgtrew pa sispann eseye wap bezwen fè bagay, poze yon aksyon, pran desizyon kew potko janm pran avan Donk rete fokis, ou dwe konsistan epi konnen kew pa poukòw nan kous la! Nap swete nou chak la yon bon lane 2021!

12-29
53:17

Okenn echèk pa fatal!

Pou anpil nan nou mwa desanm se mwa pou nou evalye rezolisyon ke nou te pran pou ane sa, gade kiyes ladan yo, nou rive reyalize, kiyès ki pa lwen reyalize ak ki lòt pami yo ou pap gentan reyalize pou rès ane a. Majorite nan nou Toujou gon eksplikasyon pou chak sak rive nan lavi, pou chak desizyon ke nou pran, chak pawòl ak aksyon ke nou poze etc... Pou kèk moun, pa rive reyalize yon rezolisyon kel te pran son echèk, e tout moun pa dijere yon moman echek menm Jan e se pa tout moun tout ki ka rive kenbe tout Bon sans ak Bon konprann li pendan period echek yo e pou ta menm rive fè siksè. Lidè Ki pratike yon modèl lidèship ki santrel sou moun gen ase kapasite poul konprann ke li nòmal siw echwe, paske pa gen okenn echek ki son fatalite! Anpil moun konsidere echek kòm yon fatalite, e son mo ke anpil moun evite prononse Paske pou yo echek pa gen anyen pou wè ak siksè donk yo deside rete lwen mo sa. Kitem diw jodia ke, echek pa yon fatalite, ni chek pa ka anpechew fè siskè lèw trè detèmine, lew konsistans ak lew ouvri pouw resevwa bon jan feedback ki objektif... Piyès moun pata sipoze gon etikek dechwe jus paskel eksperimante echek youn ak plizyè fwa nan aktivite ke lap mennen. Mwen menm, ou menm ak anpil lot moun ankò; a yon moman nan lavi oswa nan aktivite ke nap mennen te eksperimante echek; se vre gen nan nou ki fè eksperyans Lan yon sel fwa e konsa tou gen moun kifèl plizyè fwa deja. E pou anpil nan nou, moman echek yo konn afekte vi pèsonèl oswa profesyonèl nou e mwen pa yon eksepsyon nan reg la. Souvan echek nou yo vini aprè chwa ke nou fè epi desizyon ke nou pran men anpil fwa tou nou echwe se parapò ak risk ke nou pran, e se youn pami anpil lot rezon ki fè kek moun Pè pran risk jus pou yo pa echwe. Refleksyonm nan epizod sa se poum diw ke: siw Pè pran risk sa vle di kew poko prè pouw grandi e siw poko prè pouw grandi sa vle di gon pakèt domèn nan laviw kew pa prè pouw amelyore.... Souvan nou pa deside bay tet nou yon Chans pou nou vin moun ke nou swete ye a jus paske nou Pè echwe or nou panse lap pranw plis tan si rekomanse olye ke nou wè kantite posiblite pouw pi byen fè sa wap fè a siw ta rekomanse. Majorite nan nou celebre epi pran kom modèl anpil lidè, selbrite ak antreprenè ki rive fè gro siksè nan lavi yo ak lavi biznis yo, e pi souvan se siksè a yo prezante nou, yo pa Toujou rezime tout peripesi ke moun sa yo pase avan ke yo rive kote ke yo a jus paske anpil moun toujou vle disosye difiklte ak echek de rezilta ke nou rele siksè a. Mwen vle raplew ke narativ yo change parapò ak epok epi sikonstans yo, sa ki konn rann li trè difisil pou anpil nan nou di tet nou ke mwen pa bezwen pafè poum komanse men pito mwen dwe komanse jodia poum vin pafè demen. Mwen pataje avew 6 aksyon kew ka pratike lew fè fas ak situation echèk. 1- Pran yon tan pouw raple tet ou poukisaw te komanse. Rezon sa ki te fèw chwazi komanse sa wap fe a; Esiw vle kontinye ou pa sipoze pedi koneksyon sa. 2- Pran tan pouw fon yon rezime tout move desizyon kew te pran pandan prosesis la, pa pouw ka jije tet ou ni aksyonw yo men pito pouw sa gon pi Bon konpreyansyon de poukisaw te fè de chwa konsa. Men kitem diw: toujou sonje sa; pa gon moun, pa menm yon sel ; ki rive akonpli gro Bagay sanl pa charye deyel: moman difisil, santiman dekourajman, youn oswa plizyè echek, yon kantite fwa preske endefini kel te oblige rekomanse ak chanje estratejil pandan tout prosesis la... Donk lew ap fè fas ak Moman sa yo nan kous paw la, sonje ke gen moun ki pase etap sa yo deja eki prè pou tandew epi baw konsèy, sonje ke Lew echwe pa vle di kew pap rive fè siksè Nan sa wap fè a men pito son okazyon pouw konprann ak preparew pi byen pou siksè kap gen pou vini an. Les Brown: “Anything is worth doing is worth doing badly. Anything is worth doing right if you know how to do it but otherwise you have to do it badly until you get it right”. Sonje abone ak chanèl nou an pouw ka rete konekte ak nou epi gen tout denye epizod yo.

12-24
13:45

Kisa Depandans Afektif ye? Avèk Germinie Saintelve ,ki rive geri de patoloji sa apre plizyè ane.

Nan epizod sa Germinie pale nou de eksperiyans li Ak maladi (patoloji) sa pandan plizyè ane, yon eksperiyans ki rive koze divòs li avanl te geri de maladi a. Germinie eksplike nou tou rezon ki pousel kreye Vlog ki rele « @Liberekèw » ki disponib sou pifò media an liy yo sou non: @liberekew ! Liberekèw son platfòm tou ki bay asistans Ak moun kap Viv ak patoloji sa, platfòm Liberekew ofri ankadremanl Ak moun sa yo nan lide pou ede yo konprann kisa maladi aye epi ede yo venk depandans Afektif la. Nan menm epizod sa Germinie pataje ak nou kek endis ki ka edew konprann byen bonè Siw nan eta depandans Afektif ou pa. Pandan tout Epizod la nou pataje kek astis avèw kap edew fè diferans ant lè se estim deswaw ki ba Ak lè wap fè fas reyalman Ak yon Depandans Afektif. Nan epizod sa nou pataje 5 sou 8 endis kap edew konprann byen rapid siw nan yon Depandans Afektif, men wap ka li res 3 yo sou paj @liberekew la sou platfòm tankou: Instagram, Twitter, Facebook Ak YouTube. Sonje pataje epizod sa Ak yon zanmi paske ou pa janm konnen ki diferans li ka fè nan lavil. Ou ka voye kesyon pou nou, ou ka kite komantè pou nou sou platfòm ke wap tande epizod epi sonje abone Ak chanel « Framework Conversations » sou nenpot platfòm kew Renmen tande podcast pouw ka gen tout denye epizod nou yo. Pa janm bliye sa :  « Fasonw jere tanw se mod lavi wap genyen, donk reflechi Ak janw jere tanw ni Ak kiyes wap pase tanw ».

12-21
30:30

Kisa Ou vle nan lavi? Kesyon mitik tout akonpaniatè,z. Poukisa? Avèk kotch espirityèl Guersye Beine.

Avèk Guersye Beine, kotch espirityèl nap chèche konprann kisa travay yon kotch de vi or kotch espirityèl ye? Aki moman nan lavi, yon moun ap konnen kel bezwen èd yon akonpaniatè? Diferan espesyalite ki genyen nan mond kotchin lan? Enpòtans yon kotch nan lavil? Se tout kesyon sa yo nou pral eseye eklèsi ak kotch espirityèl Guersye nan epizod sa. Nou pale tou de misyon Guersye kise rive touche 15 Milyon moun nan travay li ak pos li yo sou medya sosyal yo kotel ap pwone Pozitivite, chanjman, yon vi ekstraòdinè ak lanmou nan tout esans li... Nou pale de lidè sa yo ak moun Ki gen enflyanse yo sou Guersye epi enspirel poul kontinye vanse ak misyonl. Nou sitou raple nan epizod sa ke slogan ale nan lot nivo a pa sinifi kew ap sot nan nivo 1 pou ale nan nivo 2 etc... Ale nan lot nivo a pou nou, se edew travay sou tet ou chak jou pou moun kew te ye yè a, diferan de moun ou ye jodia, moun kew ye jodia pa menm ak moun wap ye Demen an. Ale nan lot nivo a se tout yon pwosesis kote ke chak jou wap travay pouw vin yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia. Kitem diw ke lojik ale nan lot nivo a pa gen pran daso paske se tout yon pwosesis donk pouw grandi epi vin moun kew vle ye a pandan tout pwosesis la wap bezwen swiv tout etap yo. Objektif sezon 3 sa se pou atire atansyonw sou enpotans sante mantal Ou, pou yon bon jan senkwonizasyon ak sante fizik ou paske nan ka kontrè lap difisil pouw rive atenn ak akonpli objektif ou yo.... gen kontrol sante mantal Ou se admèt pouw aksepte mande èd lè Sa nesesè pandan kous la, paske menm jan li vini natirèl pouw gon bon zanmi Ebyen gen angajman ou pran nan lavi li plis ke konseye pouw gen yon mentò, yon akonpaniatè, yon moun kew ka vire vè li lè moman konplike sa yo rive e mwen ka garantiw ke moman sa yo ap rive. Menvitew tande tout epizod la pouw ka aprann plis sou Kiyes envite a ak kisa lap regle, san bliye gid de 3 etap kel pataje avèk nou pou edew konprann kilè Ou dwe fè apèl ak yon akonpaniatè nan laviw. Pa bliye pataje saw sot tande a ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè nan vil! E sonje abòne ak Framework conversations sou tout platfòm kew renmen tande podcast. Mèsi!

08-07
52:23

Poukisa Sante Mantal Ou Osi Enpòtan... avèk Sikològ Natacha Desir!

“Lè Sitwayen yo rive jwenn ekilib mantal yo, sa pèmèt nou gon sosyete ekilibre lè sa nou rive pi byen fonksyone youn ak lòt”. Nan epizod ansanm ak Sikològ Natacha Desir nou eseye defini kisa Sikoloji a ye antanke siyans, enpotans li nan sosyete a, kisa ki travay yon Sikològ ak diferan espesiyalite ki liye ak domèn Sikoloji. Nou wè ansanm kek nan rezon kifè yon moun ka bezwen wè yon Sikològ men sitou eseye etabli diferans ki genyen ant yon Sikològ ak yon Sikiyat. Nou pale tou de travay Natacha kòm ankadrè Timoun depi 5 lane pou yon òganizasyon kap travay nan sa ki gen pou wè ak edikasyon epi lit kont Restavèk Timoun nan peyi a... Men Nou pale de lidè sa yo ki gen gwo enpak nan lavil eki kontribye nan moun li ye jounen jodia. Natacha pa selman Sikològ, li se manman yon ti gason 1 lane, e pandan kelke minit Natacha te pataje avek nou, komanl pare poul enstwi ak enkilke pitit gason sa valè familiyal-edikativ ak moral depi nan pi jèn aj li. Kitem raplew’ sa, Ou Ka Gen Tout Konesans Ak Konpetans Posib Men Si santé Mantal ou pa Anfom, Siw Pa Ka Jere Ekilib Laviw Lap Trè Difisil Pouw’ Inisye Chanjman sa Kew’ Vle Komanse a Ak Rive Enpakte Lavi Lot Moun. Se Sak fè Nan Epizod sa, nou vle atire atansyonw’ sou enpotans santé mantal ou nan pwosesis pouw’ ale nan lot nivo a; enpotans pouw’ gon bon senkwonizasyon ant sante Fizik ak Mantal Ou. Nou vle ankourajew’ priyorize sante mantal Ou osibyen kew’ priyorize yon anpratisaj San kanpe pandan tout pwosesis la, paske ofinal youn pap byen fonksyone San lòt! Menvitew pataje epizod sa ak yon zanmi oswa yon group zanmi paske ou pa janm konnen ki diferans sa ka pote nan lavil, raplel ke li enpotan pou ou etc... Sonje abòne ak Chanel podcast sa sou nenpot platform kew renmen tande podcast pouw ka pa janm rate okenn nan denye epizod nou yo! Kitem raplew sa, Santé Mantal Ou osi enpotan ke tout lot bagay kew trouve ki enpotan pou ou; al wè yon Sikolog pa gen anyen mal nan sa, okontrè Siw gen ti dout se pi bon chwa kew’ te ka fè pou yon byennèt total...

07-17
43:06

Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw!

Epizod sa son rezime de tout Sak pase nan sezon 2 a , ki pale de diferan gès nou te resevwa ak diferan sijè nou te trete nan diferan epizod nou yo epi pataje omwen yon konsèy avew ke nou kwè kap itil ou nan pwosesis ou ye a. Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw! Anpil fwa sikonstans yo konn vle ba nou enpresyon kel mye poun kite ke se evenman yo ki gen kontwòl lavi nou olye ke se nou ki gen kontwòl evenman yo nan lavi nou. Nan yon situation parèy sel mwayen pouw chanje sa se mete tout pwaw nan balans lan pouw reprann kontwòl pansew, bay laviw yon lòt direksyon pandan wap rete fokis sou sa kise objektif ou nan kous la. Sonje poukisaw te komanse chak fwa ke evenman yo vle pran kontwòl laviw, toujou raplew ke siw son spektatè nan laviw posibilite pouw rive atenn pwojèw yo ap Preske enposib men kòm aktè nan sèn laviw pwojèw yo gentan reyalize a mwatye....

07-07
11:14

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Li paret fasil pouw pale oswa ekri sou sa ki gen rapò ak lidèship men Sè pa yon bagay Ki toujou fasil pouw asime kapasitew antanke lidè.... Mrenmen repete souvan ke Lidèship nan limenm son bagay ki kontekstyèl, e pakou nou nan pwosesesis la kom lidè gon fom sinizoyidal e poutèt sa lidè yo dwe toujou ap evalye tet yo parapò a moun yo te ye avan e moun yo vin ye jodia. Menm Jan laviw gen enfliyans sou antouraj ou, se menm Jan an vi paw ap rive enfliyanse pa tout sa kew bay pèmisyon pou antre nan laviw; e yo kapab se moun kew pase anpil tan ak yo; mizik ke wap koute; liv kew li etc.... Eksperiyans aprann mwen ke chak etap, chak sezon nan pakou yon lidè vini ak nouvo défi e nouvo défi sa yo pral revele model lidèship Ou epi metew faskare a fos epi febles ou; donk antanke lidè, li plis ke enpotan pouw toujou ap evalye moun ou ye epi kontinye grandi nan bon sans lan... Mwen vle pataje 3 valè ke lidè sa yo aplike nan model lidèship ke yo devlope ak antouraj yo: 1-Lidè sa yo, kwè nan fome lòt moun, ede yo devlope talan ak kapasite yo nan pi wo nivo a. Yo plis konsidere tet yo kom yon kotch pou moun sa yo, olye de yon bouro. 2-Lide sa yo, rekonet ke strateji son kantite ide kew genyen san resouzimèn, rive ekzekite bèl ide sa yo se sèl diferans ki egziste ant posibilite ak reyalite. Lidè sa yo, konprann ke tout gro akonplisman yo rive fè pa selman rive jus paske yo te gen bèl ide; men sa rive paske yon moun te pran bèl ide sa yo epi enspire lot moun ak yo. 3-Lidè sa yo, envesti nan siksè chak grenn manb ekip yo, Yo pa janm rate yon okazyon pou yo pale, ak selebre lavi epi mentore manb ekip yo. Daprè anpil gro ikón nan mond lidèship la, lidè ki rive atenn plis objektif, lidè ki champyon nan kous la, rete grave nan memwa kom lidè ki envesti plis nan moun; paske statisk montre ke 80-90 % fwa lidè yo pa janm aji pou pwop entere yo m’en pito nan enterè majorite a. E Pou chak objektif atenn , lidè Sa yo toujou préféré atribye siksè rezilta sa yo nan kad yon aksyon kolektif, yon travay dekip olye de yon reysit pèsonèl. Pemet mwen pataje avew 3 karakteristik kap edew konprann epi rekonet lidè sa yo, ki aplike yon model lidèship kote ke nwayo lidèship li se enpotans li bay moun de fason jeneral. 1-Lidè sa yo pa janm abandonné kous la, esperans yo toujou high level; yo toujou rete focus sou sa kise objektif yo e nenpot Jan situation an oswa sikonstans lan ta difisil road map la pap chanje. Mwen sur kew konn yon moun konsa nan antouraj ou! 2-Lidè sa yo gen bon jan kapasite pou yo fè diferans ant sa ki son angajman ak yon senp desizyon. Yo gen kapasite pou yo li ak defini chak green manb ekip yo parapò ak aksyon ke moun sa yo poze epi pawol ke yap pale. 3-Lidè sa yo gen kapasite pou yo wè talan kache lakay lòt moun; epi pemet moun sa yo akonpli anpil gro bagay ke yo pat menm panse ke yo te gen talan pou sa. Mpa vle diw ke lidèship son bagay Ki senp e vi yon lidè son bagay Ki fasil paske lidèship menm jan ak anpil lot domèn mande anpil disiplin, imilite, onètete... Sonje sa, lidèship son domèn Ki frajil anpil, paske antanke lidè ou gen kapasite pouw konvenk epi pouse moun aji nan bon ou nan move sans lan , e anpil lidè chwazi itilize kapasite sa pou yo manipile lot moun, tire pwop avantaj yo epi abandone yo nan kous la. Yon pratik konsa pap janm mennenw a yon viktwa définitiv m’en pito a yon viktwa pasajè pandan kous la, e onètman antre nou Mpa kwe ke se mod eritaj sa yo ou swete kite kom lidè. Mwen ankourajew rewè enpotans kew te bay moun nan model lidèship ke wap aplike, paske swivan eksperyans mwen, gen kek moman nan pwosesis la dout pral gen poul vle pran kontrol aksyon ou yo e lè moman sa yo prezante mwen surrrr ke siw te byen envesti nan moun, siw te pran pouw t yon kotch pou manb Ekip ou olye de yon bouro, mwen garantiw ke envestiman sa yo kew t fè ap tounen vin jwenn Ou; vin jwenn kominote a sou plizyè fòm, men sitou wap franchi etap difisil sa wolamen jan pawol la repete a.

06-20
12:07

Komanw kapab rete fokis sou Rèv ou! Yon konvèzasyon Davidson avèk Dieuvela Bien Aimé pou FC podcast

Semèn sa nan Framework conversations, nou te gen chans chita pale ak jounalis / antreprenè Dieuvela Bien Aimé kise CEO Dieuvela Store. Chita pale sa de fokis sou eksperiyans li kòm antreprenè; sou diferan difikilte ke li rankontre nan fè biznis, men sitou gade kisa ki edel simonte difikilte sa yo , rete fokis epi pèmèt ke li kontinye avanse. Nan epizod sa, Dieuvela pataje ak nou 6 pami anpil lòt valè ke li panse ke moun kap fè biznis dwe entegre (enkòpore) nan fason yap jere biznis de fason jeneral e 5 nan 6 valè sa yo se : 1- Yon Bon kapasite lidèship 2- Fok ou son moun ki kreyatif 3- Kapasite pouw byen kominike 4- Fok ou pa pè travay 5- Fè bagay ke ou renmen Selon eksperiyans pal nan zafè fè biznis Dieuvela pataje kek konsey ak nou spesyalman pou jèn fi kap fè biznis sou Koman yo kapab apresye epi selebre tout sa yo gentan akonpli nan endistri yap evolye a men tou li kite yon konsèy pou jèn fi ki vle antre nan fè biznis... Dieuvela pataje ansanm ak nou apresyasyonl pou lidè Nelson Mandela, ki vreman gen anpil enfliyanse sou moun ke li ye... Fim tankou: Les mains en or ; A la Recherche du Bonheur epi La Création de Dieu fè anpil enpak sou fason Dieuvela te wè epi konprann kek bagay avan e li konseye oditwa a gade fim sa yo tou. Liv kòm : Le Pouvoir du Rêve epi L’autoroute du Millionnaire se 2 pami anpil lot liv ke li ankouranje oditwa li. Nou te gen chans pale tou de patisipasyon biznis li kise: Dieuvela Store nan yon konkou ke Academy Women Entrepreneur Haïti ap òganize e li envite nou kilke sou lyen sa epi layk videyo prezantasyon biznis li an poul ka genyen chans genyen konkou sa. https://www.facebook.com/groups/portauprinceawe/?ref=share Pa bliye ou ka rete konekte ak Dieuvela Bien Aimé sou Facebook pouw sa gen plis enfomasyon sou konkou sa epi sou lot aktivite ke lap mennen. Yon lot fwa nou dezole pou ti reta ki genyen nan plizyè sekans entèviyou a, e nou vle raplew tou ke pa bliye pataje epizod sa ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè pou li. Pa bliye tou voye kesyon ak sijesyon ou yo pou nou nan yon mesaj vokal nan ti ikon mesaj ki anba a goch nan paj epizod ke wap koute a nap tro kontan repon ou. Mèsi paskew rete konekte ak framework conversations the podcast.

06-04
50:23

Konvèzasyon Davidson Jules ak Etzer Louis Charles jèn Antreprenè, Lidè epi Toastmaster. Liv-li

Nan konvezasyon mwen ak Etzer, nou te gen chans pale de antreprenaria, lidèship epi eksperiyans li antanke toastmaster. Nan menm epizod sa Etzer pale nou de youn pami diferan otè preferel yo; li pale de Alibaba (Jack Ma) kise Se youn nan antreprenè Ki son sous motivasyon pou li. E nan yon lis de 5 lidè ki gen gro enfliyans sou li ak sou desizyon ke lap pran nan kad aktivite ke lap lid yo Yon non tankou Stanley Baptsite se youn ladan yo... 3 pami tout lot karakteristik ke yon lidè dwe metrize alabaz pou li ka yon bon lidè selon Etzer: 1-Kapasite pouw koute antouraj ou 2-Kapasite pouw rann Sak konpleks yo senp 3-kapasite pouw enfliyanse moun 3 konsèy pou ou menm kap koute podcast sa: 1-Pa pè fè erè 2-Pa sispann aprann 3-Pratike pouw sa vin meyè Inisyativ tankou Étudiants et entrepreneur Haïti son modèl ekzamplè ke anpil lot group jèn ta sipoze imite, son inisyativ gayan-gayan pou ou menm ki se antreprè . Propulseur group Se youn nan bel initiativ ak youn nan pi bon opsyon kew genyen pouw rete konekte ak liv kap pemet ou fè devlopman pèsonèl la pi byen... Reveye lespriw, yon liv chak mwa! Nan moman an nap viv yon situation ki pa òdinè, sa ki kreye plis stress lakay kek moun, gon kategori de moun Ki panse ke situation sa ofri yo plis tan swa pou yo travay sou kek pwojè ki enpotan pou yo oswa aprann yon Konterans anplis, nan menm konteks sa Etzer deside lanse yon challenge Kotel ankouraje nou gade 1 dokimantè chak jou pandan 30 jou. Mesiii déskew chwazi koute Framework conversations, e si saw sot koute a fon diferans pou ou pa ezite patajel ak yon zanmi espere kel swaf koute yon pawol konsa. Mwen ankouraje nou rete konekte ak Etzer Louis Charles sou Facebook, epi swiv paj propulseur Group ak Étudiant et entrepreneur Haïti Facebook. Pa bliye ou ka koute podcast sa sou plateforme tankou: Spotify, Apple podcast, Google podcast, Anchor fm, Breaker, Overcast, PocketCasts, RadioPublic. Epi Episode sa ap disponib tou sou paj Facebook Davidson Jules Pa bliye se afcollection ki sipòte podcast sa ale sou afcollection.shop pouw ka pran pwodwi paw. Ale, Pwochen epizod la Sè pou byento!

05-24
34:14

Enpotans liv ak lekti genyen sou kalite moun nou ye jodia ak moun nap ye demen!

Nan epizod sa Gaetan pale de pwemye rankont li ak liv e poukisa daprè li, li kwè ke liv nou li gen anpil enfliyans sou modèl moun ke nou ye. Ansanm Nou pale de diferan lidè kite enfliyansel nan anfans li men tou lidè ki fasone modèl lidè ke li ye jounen jodia. Nou gade ansanm anpil bèl inisyativ kel ap fè nan kominote kòm lidè san nou pa bliye blog kel ekri etc... Jan nou toujou fè sa nan epizod avan nou yo, Gaetan pataje kek konsey lidèship ke daprè li nou ta sipoze aplike poun amélyore kapasite nou antanke lidè epi vin meyè nan kelkeswa domèn nap evolye a. Nou envitew tande epizod sa epi patajel ak yon zanmi e siw poko abone ak Chanel podcast la pa bliye kew ka fè sa sou: Apple podcast, Google podcast, Spotify ak sou paj Facebook David.SON Jules la Wap jwenn tout epizod avan yo disponib. Pa bliye al swiv paj Facebook Gaetan Caseus la tou. Pwochen epizod la Se pou byento! Mèsi

04-24
25:58

Koman Ou kapab transfome satiman perez ki nan ou a kom yon sous motivasyon pouw kontinye avanse!

Amezi ke chak jou nap aprann bagay nouvo sou pandémi an, situation enprevizib sa yo egzije nou anpill nouvo strateji. Se responsablite pa nou kom lidè poun pwoteje moun ke nap lid yo oswa ekip nap dirije fas ak situation enprevizib parapò ak desizyon ke nap pran. Pandan moman kriz yo li fasil pou santiman perez anvayi nou e son bagay nomal ke santiman sa vini, sof ke nou sipoze tranfome perez sa kom yon sous motivation pou ou menm kom lidè epi pou manb ekip ou. Paske Nan ka kontrè pè sa ka koze anpil dega pou òganizasyon wap dirije koz pè sa wap grandi anndanw lan pral anpechew reflechi epi anmezi pouw vini ak nouvel ide, tankou pran inisyativ kap ede organizationw lan siviv pandan ak aprè pandemi an. Lojik pam lan parapò ak tout Sam diw la,Se pa ni few konprann kew pa gen dwa pè, ni son bagay mal siw santiw enpwisan fas ak situation kriz yo, janm renmen repete souvan: nou tout bezwen konprann epi akspte ke nou paka fè tout bagay e nou pap janm gen tout repons yo menm Jan ke nou pa konn tout bagay... donk nan moman kriz fas ak kek situation, santiman enpwisans sa ki pral mennen perez lakay ou an ap toujou vini... Lojik pam se atire atansyonw parapò ak reyaksyon Ou sipoze genyen fas ak santiman perez sa lel vle anvayiw kom lidè!!!! Lojik pam se ankourajew wè santiman Perez ou nan moman kriz kom yon endikatè detèminan nan kous paw lan, e kap diw reveyew paske se moman pouw aji, se okazyon pouw chanje situation aktyèl Ou a! Mwen konnen Se pa yon bagay Ki fasil men mvle diw tou ke se pa yon bagay Ki enposib. konprann ke mwen menm kap diw sa jodi an , Mpa yon sipè ewo, mson moun menm Jan avew sof ke mt fon chwa kew poko fè e jodia non selman ou tande kel posib pouw itilize nivo perez sa ki lakay ou kom lwil pouw grese motè motivasyonw pou simonte moman difisil yo men tou ou bezwen kwè ke sil posib poum fè li osi posib pou ou tou siw dakò swiv tout pwosesis la. E pousa mvle pataje ansanm avew kek konsèy ke anpil moun ka wè kom kek presip kew ka aplike nan laviw e kem surrr kap itil ou nan pwosesis pouw transfome santiman perez lakay ou an kom yon sous motivation pouw kontinye avanse nan moman kriz yo: 1. Gade situation aktyel lan yon fason jeneral, eseye konprann situation kriz yo sou yon ang ki pi laj. Aprann jere yon situation kriz aktyel pandan ke wap eseye gade situation an yon fason jeneral pa yon bagay Ki fasil. Nan moman kriz, li toujou bon pouw pran rekil, epi odite situation aktyel la. ... Fasonw dirije ekip Ou sitou nan moman kriz yo ap gon enpak direk sou yo, pwofite pote koreksyon ak chanje saw kwè ki mérite chanje nan fonksyonman Organaization wap dirije; e apre kriz la, nouvèl mezi sa yo ap rete epi sèvi kom nouvel baz dekselans pou bon jan fonksyonman organization ke wap dirije a. Konbat enfomasyon ki pa verifyab yo, enfomasyon kise manti parapò ak situation kriz la.... kom dirijan ou dwe fè surr ke enfomasyon wap pataje yo vini de yon sous Ki fyab; sa ap pemet ou rete koyeran nan sa wap di; e menm si enfomasyon kew genyen an verifye epi korek pa janm panse ke se ou sel ki genyenl donk toujou bay manb ekip ou yo posibilite pou yo fon komantè epi pataje opinion yo, ou dwe montre ak ekip ou ke opinyon oswa sijesyon ke yo kapab fè konte pou ou. E mta renmen ke pandan pwosesis sa, nan fason wap jere kriz la pa janm bliye kew sipoze kiltive pasyans epi rete Saj fas ak yon reyaksyon ke manb ekip ou ka genyen. Pasyans ak sajes se 2konpotman kap itil ou anpil nan konba kont move enfomasyon yo. 3. Temwanye anpatiw nan aksyon ke wap poze pou manb ekip ou oswa pou kominote a... Pa bay manb ekip ou yo enpresyon ke yo anba espyinaj. 5. Toujou gon plan! Fasonw jere yon kriz ap detemine ki rezilta wap genyen fas ak kriz la. E youn nan pi bon fasonw ka jere yon kriz Se lew pa panike men Ou preparew pito. Kom lidè perez pa sipoze anpechew kontinye anvanse epi mennen òganizasyon oswa moun wap lid yo nan lot nivo a, kom lidè fas ak situation kriz yo ou sipoze gon attitude ki pozitif. Pa kite perez few rate okazyon pouw dirije!

04-09
18:55

Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!

Mpa rete kwè ke gen yon pi gro défi ke ensètitid! E Ensetitid se youn nan défi ke anpill dirijan rankontre souvan. Nenpòt defi ke nou abitye rankontre nan aktivite ke nap mennen yo, Mpa kwè ke nou te janm rankontre yon situation ki osi enprevizib ke pandemi sa ke mond lan ap fe fas jounen jodia. Nouvel nap tande chak jou sou Koman pandemi sa ap vale teren nan mond lan, ba nou ase rezon pou nou pedi kontwol panse ak refleksyon nou yo, fè nou aji tankou moun Ki pèdi bon sans yo, e nan yon moman parey kapasite poun rete tet fret, epi wè a klè kote nou vle ale a diminye fas ak tansyon ki egziste otou pandemi an ki pa sispann kreye situation ki pat previzib pou okenn nou nan, bon oswa lidè medyok onetman okenn nan nou pat prevwa ke se konsa 2020 an tap komanse; Kote ke ensetitid ta pral sel sipesta! Eksperyans pam kom lidè, m’en sitou kom moun ki gen kom travay jere moun epi planifye pou fiti se pwemye fwa mtrouvem nan yon situation kote moblije fè plis ke 2-3 plan jus paske démen yo vin ensèten donk planifikation yo vin pa garanti e situation yo vin pi enprevizib. M’en tou, Sitiyasyon sa pemet Mwen konprann ke li nomal ke planification oswa desizyon nou yo rive afekte pa sitiyasyon aktyel yo nan moman kriz, sitou lè ensetitid ak sikonstans enprevizib yo vle Fè pâti de sa ke majorité nan nou te pran pou nòm lan. Chak jou nouvel yo pa sispann anpire e santiman ensetitid pa sispann grandi Lakay nou. Gen Anpil tansyon, presyon, alantou nou e gouvènman yo pa sispann deplwaye resous ak eneji pou kontrekare pandémie an ki kontinye kap vanse, sa ki vin diminye pi plis kapasite nou poun rete kalm epi wè a klè ki direksyon nou sipoze pran nan moman kriz la, E anpil nan nou preske pedi kapasite sa. Kom lidè kapasite ke nou genyen poun rete tet fret, rete lisid, kapasite poun rete kalm avek tout bonsans nou nan objektif pou nou wè a klè epi fè chwa ki rezonab yo se pi bon chwa ou kapab fè oswa pi bon konpotmàn ke ou kapab genyen nan moman kriz. Fas ak a situation pandemi sa li klè pou nou tout ke vizyon nou se rive anpeche ke virus sa kontinye pwopaje epi jwenn fomil sa poun rive konbat virus la, e msur ke fason nap rive konbat virus lan ap diferan parapò ak endividwalite nou chak kom lidè e se pa yon problème paske nou bezwen konprann ke lidèship nan limenm son konsèp ki kontextyel; e anpil fwa moman kriz yo konn lakoz nou reconsidère fasôn nou wè lidè nou yo... Men sam surrr de li, seke volonté nou genyen poun sa wè a klè desizyon nap pran chak jou epi jwenn fomil sa poun kwape viris lan pap chanje. Anpill moun wè moman kriz yo tankou yon malekdisyon e yo gen tout kalite rezon pou pwouvew sa, petet yo gen rezon. Men kitem diw janm wè moman kriz yo, nan je pam moman kriz yo se moman kote bon lidè yo toujou fè diferans lan ant lidè medyok yo m’en tou se moman ki edew grandi, moman ki edew dekouvri talanw ak kapasite kap domi nan ou e kew pat janm imajine kel te la. Pou mwen moman kriz yo se opotinite pouw kontinye konfime kapasitew kom bon lidè nan fason wap itil lot moun. Se pousa li enpotan pouw Fè sur ke pendan moman kriz sa, ou aprann yon nouvo konpetans, fe sur kew aprann ak dekouvri kiyes ou ye reyelman, fe sur ke ou jwenn omwen yon fason anplis kap pemet ou itil kominitèw pi byen. Paske chwa wap fe jodia an la ap gen konsekans sou demenw e siw pa trouvel nesesè pouw aprann anyen ki bon nan moman kriz sa, konnen pwoblem ou pat janm yon pwoblem tan kifew pat reyalize okenn nan pwojèw yo m’en pito yon pwoblem disiplin... pran yon titan pouw réfléchit ak sa. antanke lidè aksepte kew pa gen tout répons yo ni kew paka fe tout bagay pou kow donk li plis ke enpotan pouw jwenn konplisite sa ki kapab egziste ant ou menm ak ekip ou, e konsa nan moman kriz yo kominikasyon ou menm ak ekip ou oswa moun wap lid yo ap fasil paske vizyon epi diresyon an kle pou tout moun. Pwochen epizod la se pou byento e pa bliye Non pam se Davidson Jules. Mèsi paske chwazi pataje epizod sa ak yon zanmi!

04-07
10:57

Koman talan ak pasyon Ralph pou foutbòl pèmèt li jwenn yon bous etid pou antre nan inivèsite...

Mwen te gen chans chita pale ak Ralph Nathanael André, owsa Natty pou sila yo Ki son pwoch. Ralph son jeune Aysyen-ameriken kap evolye kom soccer player nan peyi etazini, jwet ke anpill ansyen renmen e ke nou rele Foutbol nan langaaj pa nou. Ralph komanse devlope lanmoul pou jwet sa Depil te tou piti men se te avek anpill kontrent nan period sa... paske se pa toujou yon chwa Ki fasil, le manmanw ak papaw Se Aysyen natif natal🤣😂, nou konn pawol la deja! Tout paran swete ke pitit pa yo a vini yon enjinyè, avoka, medsen oswa agronòm etc... Ebyen nan epizod sa nou gade gade ansanm ak Ralph pakoul nan zafè foutbol la: Nan lane 2014-2015, avanti Ralph avek jwet sa ta pral komanse ositol te jwenn opotinite poul te komanse jwe pou yon ekip lokal nan high school li. Konsa nan lane 2016-2017, li te jwenn yon lòt opotinite poul te jwe pou yon club ki rele: “East Meadow Soccer Club” EMSC. Pasyon Ralph pou foutbol melanje ak talanl, pral pemet li jwenn yon bous etid poul al kontinye etid li nan inivèsite ki rele “Bryant and Stratton college” e de 2018 a jodia Ralph ap jwen nan USCAA Division I pou kolej sa. Ansanm avek Natty, nou pral wè ki souvnil de pwemye jou lekol li nan USA, diferans ki genyen nan fason anseyman yo fet nan state la men sitou gade pakoul kom soccer player, jiskaske talan sa pemet li jwenn yon scholarship poul antre nan kolej. Lidèship se kapasite ke nou chak genyen pou nou enfliyanse omwen pou pi piti yon moun, e natirelman nou chak Se yon lidè paske nou tout fet ak kapasite sa a. Moun pral konsiderew kom yon bon lidè oswa yon move lidè, Se parapò ak rezilta aksyonw yo men tou parapò ak aksyon moun kew enfliyanse oswa wap lid yo. E konsey pam pou ou, avanw komanse lid lot moun, Ou bezwen aprann koman pouw lid têt paw dabò. Aprann Koman pouw lid tet ou se dabò bay priyorite ak santéw, santé mantal ou ak relasyon kew devlope ak moun. Li enpotan pouw we santé mantal ak santé fizik ou kòm moso blok pouw konstri model lidè kew swete a. Problem tankou, tress Ki pa janm fini (kronik) oswa lew pa domi ase ka petet paret pou ou yon bagay ki senp, men sonje ke, yon mod pratik konsa ap gen lot konsekans sou mantal ou, men sitou sou kapasite oswa abilite kew genyen pouw pran desizyon nan desiziv yo antanke lidè. Se vre lidèship mande anpilll sakrifis m’en lidèship tou pap janm egjijew abime sante fizik ou, sante mantal ou ak santé spirityèl ou, paske lew chwazi pa bay santew anjeneral regle anyen pou ou. Ou pap selman fe mal ak pwop tet ou, men Wap koze pèt moun sa yo ke wap lid yo tou. Se Sak fel enpotan pouw aprann koman pouw lid tet ou dabò avanw kew chwazi al lid lot moun, ositow konn koman pouw lid tet Ou, fem konfyans lid, lot moun ap vin yon bagay natirel pou ou. Mvle kitew ak pawol sa: Antanke lidè kek fwa wap bezwen fe silans pouw sa jwenn chans tande moun ke wap lid yo, e youn nan bagay ke eksperiyans montrem parapo ak fe silans poum tande moun ke map lid yo, sa pemet ke aksyon map poze chak jou kontinye ap amelyore nan enterè majorite a epi fe plis enpak. E nan fen epizod sa, jan nou toujou fe sa nan tout epizod avan yo, nou pataje kek kondey lideship avew ke nou surrrr kap edew mennen kapasite lideship ou nan lot nivo a. Sonje kew ka tande podcast sa sou platfom tankou: Anker, Apple podcast, Google podcast, Spotify ak tout lot platfòm ki permèt ou koute fichye odio. Nou kontan genyenw kom oditè e nou paka tann poun prezantew pwochen epizod la, pandan nap raplew ke Framework Conversation son podcast ke Davidson pote pou ou ansanm ak envitel yo. Sonje kew ka voye komantè, kesyon oswa sigjesyonw yo pou nou paske nap tro kontan few repons. Mesi ankò paskew fe pati de oditè nou yo

01-31
43:05

Recommend Channels