Biznis ou nan peryòd kalmi ? Ou abitye vann pwodui an detay ? Ou bezwen ide pou envesti yon kòb ? Epizòd sa a fèt pou ou menm ! Nan mwa oktòb sa a, ann dekouvri ansanm 5 tip pwodui ki pap rete nan men w si w envesti kòb ladann yo pou revann. Si w tande epizòd sa a nèt, reklame bonus lan nan nimewo sa a +509 3459-9300 Si w enterese ak sèvis konsesyon grafik pou biznis ou, ou bezwen èd pou fè maketing anliy oubyen yon sit web, kontakte ajans dijital Exo Seven kounya nan nimewo sa a +509 3459-9300 oubyen vizite www.exoseven.com
Ou gen difikilte pou vann nan biznis ou ? Nan nouvo epizòd sa a nou pral pataje avèk ou 7 aksyon kiap ede w toujou gen lavant. Bon aprantisaj sonje pran nòt e poze kesyon.
Nan epizòd sa a, nap dekouvri ansanm 5 koulè stratejik, sa yo siyifi nan bizniz e ki domèn ki itilize yo
Ann dekouvri ansanm 7 konesans kap itil ou an 2021 an la
Nan epozòd sa a, dekouvri prensipal etap esansyèl pou monte biznis ou san gwo bidjè. Si epizòd sa a itil ou pa ezite pataje l avèk yon moun ki enpòtan pou ou. Pou kontak : Whatsapp 3459-9300
Pa rapò ak enpak entènèt gen nan lavi nou jodi an, nou pataje avèk ou 5 rezon ki fè biznis ou dwe gen yon prezans nimerik. Tèm teknik ki itilize : Ghost post = Piblikasyon fantom, Avatar/Persona = Kliyan ideyal ou. https://wa.me/message/7NAKNWFGKZ6QF1
Nan epizòd sa a nou pataje avè w 7 zouti ke w sipoze entegre nan woutin ou kap rann ou plis pwodiktif chak jou. Òganizasyon jounen w, fason ou itilize smartphone ou ap jwe gwo wòl nan sa wap gen pou reyalize pou yon ane. Men lis lan. 1) Ajanda. 2) Kat debi mastercard prepeye. 3) Diksyonè fransè/anglè Livio 4) Bidon konsèvatè. 5) Checklist " Note plus ". 6) Aplikasyon Youtube Go. 7) Aplikasyon Zoom. Tèm teknik ki te itilize : Shipping
KOZE ENTÈNÈT AVÈK PATRICE se yon inisyativ ajans maketing dijital EXO SEVEN mete sou pye nan objektif pou edike w nan kesyon bon itilizasyon entènèt pou devlope konesans ou e fè biznis. N ap gen pou n kouvri tèm tankou " marketing digital ", jesyon imaj antrepriz, devlòpman biznis e teknik pou eksplwate entènèt o maksimòm pou pwofite de avantaj enfini ke li ofri. Si w enterese a metòd modèn pou aprann e fè biznis, PODCAST sa a fèt egzakteman pou ou. TÈM KI TE MANSYONE : • Ben Hammersley = Moun ki envante tèm " "Podcast" lan . • iPod + Broadcast = Mo ki fizyone ki vin bay tèm "Podcast" lan. • Streaming = Difizyon an dirèk de kontni odyo vizyèl sou yon platfòm , ki kontrè a telechaje.
Nan epizòd nou pataje avè w 5 rezon ki fè lavant nan biznis ou bloke. Ret tandel jis nan fen an, nou fè w yon òf kap ede inisyativ ou dekoule sitou sou rezon sosyal yo.