Kwen karamel

A Christian podcast that will be delivered in 3 different languages: creole, Spanish and English. Our first segment will be presented in creole.

Ep. 12—Idantite’w Kòm Pitit Bondye || Kwen Karamel ak Monica Jean

Idantite’w Kòm Pitit Bondye || Kwen Karamel ak Monica Jean

01-02
30:37

Ep. 11 —Gwo Sekrè ki genyen nn Temwanyaj || Ki Epòtans li? || Kwen Karamel ak Monica Jean

Temwanyaj se komand Bondye kite pou nou fe. Nan emisyon jodia nou trete rezon Ki fe li epòtan

09-14
33:31

Ep. 9 —Don Disènman || Kwen Karamel ak Monica Jean

Kestyon ak repons K: 1- Eske li posib pou nou gen Sentespri an epi ou pa gen disènman? R:Mwen pa kwè li posib, paske Sentespri se li ki mennen nou nan tout verite a, li pral ba ou disènman. Kisa ou panse? K: 2- Eske li posib pou gen disènman epi ou pa gen Sentespri a? R: Non. Paske Sentespri a se li menm ki bay disènman. Se poutèt sa, li pa posib pou yon moun resevwa kado disènman an epi li pa resevwa Sentespri an li menm. “Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.” (‭‭Jan‬ ‭14:17‬ ) K: 3– Èske Sentespri a te nan Samson? Si wi, ki jan li ta ka manke disènman? R: Wi, Sentespri an te nan Samson. “Epi lespri Senyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo...," (‭‭Jij‬ ‭13:25‬ ) Samson te manke disènman paske li te kite Sentespri an. Apati lekti Ebre 5, mwen te kapab di ke li pat gen matirite espirityèl. K: 4- Puiske disènman fe pati lis kado Sentespri a epi yo bay chak moun, yon diferent kado, èske tout kretyen ta dwe gen don disènman a? (1 Korent 12:8-11) R: Mwen panse ke nou tout ta dwe, sinon nou pral fini nan seri danje ke mw te mansyone yon. .... Ou ka voye repons nou sou page instagram mw: MONICARAMELO05 Oubyen ou ekri nn kòmantè yo. Merci!

01-01
33:32

Ep. 8 —Koman pou’m bay Bondye sa ki pi bon a? Ak Monica Jean e Fr. Davins Manasse

Monica Jean ak fr. Davins Manasse vinn pataje yon belle ti konsey nn kwen karamel la de koman nou ka fe pou nou bay Bondye pi bon bagay de nou e sa nou posede. Rete pou nou tande epontans li ak konsekans li.

09-30
29:07

Ep. 7 — Vinn Tande Temwanyaj Mw || Emisyon Espesyal

Vinn tande mevey Bondye fe nn lavim

09-01
33:47

Ep. 6 —Koman Nou Ka Bay Oswa Resevwa Konsey? | Emisyon Espesyal ak P. Wislet, Sr. Junie e Sr. Josie

Nn epizode jodia nap debat koman nou ka resevwa konsèy Oswa bay lot moun konsèy. Si ou se líder legliz oubien ou se yo moun ki swivan ap pote konsey pou lot moun rete tande epizode sa paske la ede w. Ou mm ki swivan Ou renme chache konsèy nn men moun, rete branche pou w konne nn men kimoun ou dwen pran konsèy sa yon.

07-16
59:18

Ep. 3—Parabòl Dis Jennfi Yo || Fe atansyon pou w pa pèdi tèt ou pandan wap ede vwazen w jwen tèt pal

Panda mw tap li la bib, Setenspri te pataje yo bel konsey avem. Konsey sa te util mwen anpil e se pou tet sa mw vin patajel journe jodia avek nou nan kwen karamel la. Mw evite nou pou nou tande bel konsey sa epi pou nou patajel ak fanmi e zanmi nou. Pa bliye dim si konsey te dous kou siro oubyen anmè kou fièl pou nou. Rete avek lamour Bondye.

07-06
22:56

Ep. 2 —Koman nou ka fe konne moun ideyal nou a? | P. Dazulme, Sr. Vilsaint, P. Alonse, Sr Wilderline

Objetiv epizode sa, se pou moun marye yo pataje experyans ak konesans yo nn kestyon de fe chwa pou w renmen oswa marye.

07-06
01:23:00

Ep. 1 —Kretyen an fas ak koutim vodou |Emisyon Espesyal Ak Monica ft P. Dazulme, Sr. Wilderline Util

Ou kwe paske ou get nn yon kilti kote vodou se relijyon nacional peyi a, fortifye relasyon personel ou avek Bondye? #haitian

07-06
57:03

Kwen karamel — 0.0 Intro

This is a Christian podcast that will be in 3 different languages: Creole, Spanish and English. This podcast aim to help people to get closer to the word of God. Nn premye episode sa, map repon kek ti kestyon de mw.

07-06
11:16

Recommend Channels