Discover
Kwonik yon Epav
15 Episodes
Reverse
Fanm ak Tifi vin plis vilnerab pandan peryòd Ensekirite Jeneralize a an Ayiti. Anpil fanm ak tifi oblije deplase al viv anba tant. Sityasyon sa rann yo pi vilnerab. Anpil ladan yo sibi vyòl kolektif ak endividyèl. Men yo pè pote plent, paske lajistis pa efikas ni fonksyonèl nan kèk zòn. Pou rezon sa yo, BRA FANM plede pou depenalizasyon avòtman. Love- Lica Jeanné ap di nou plis!
Marasa se de oubyen twa timoun ki fèt menm lè. Timoun ki fèt avan marasa yo rele choukèt. Sila ki fèt aprè marasa yo rele dosou. Timoun sa yo gen anpil pouvwa. Manje yo fè pou marasa yo rele djò ki vle di pwoteksyon pou montre lide pwoteksyon ki mache ak marasa yo. Delphine Schoubenza Octavius ap di nou plus. Ann koute !
Nou sezi okazyon fèt LaSenJan an pou nou chèche konnen Kisa Fran Masónri ye? Talmer Kinley yon jèn Fran Mason ap di nou plus!
Lakou se fason lavi òganize nan mond riral la...Lakou tou se espas pèlerinaj...Se kote nou gade tradisyon ansestral yo vivan...Ann aprann plus avèk James Pierre !
Nan Okazyon premye novanm nan , nou kontinye fouye zo nan kalalou. Avèk Guerly Jean Paul nou te al chèche konnen vrè sans fèt Gede a...Ann koute!
Nan okazyon jounen Entènasyonal lang kreyòl la, jou 28 Oktòb la, nou fè yon brase lide sou rapò pitit migran Ayisyen yo devlope ak Lang kreyòl. Cynthia Grammont ap ekplike n eksperyans li. Epi Guerchang Bastia ap dekòtike!
Nan epizòd sa nou pral gade ak Kamarad Jean Willy MACCENAT kisa voudou ye...Kilti? Relijyon? Yon fason moun viv...Ki diferans ki genyen ant yon vodouyizan epi yon vodouvi...Enfen poukisa nou pale de vodou Ayisyen...Anpil enfòmasyon enteresan n ap jwenn nan epizòd sa...
Nan ribrik sa envite Paulémar Miot fè yon ti rale pou nou sou diferans ki genyen ant Kalandriye Linè ak Kalandriye Gregoryen. Epi ede n konprann kouman Kalandriye linè a mache men nan men ak kèk pratik espirityèl...Vodouyizan yo swuiv Kalandriye linè a lè yo gen pou yo fè kèk rityèl...An nou koute
Yon dikton se yon pawòl ki ta vle fè kwè li chita sou eksperyans granmoun. Men anpil fwa dikton yo charye ak sipèstisyon. Majorite dikton moun itilize sèvi pou yo deresponsabilize tèt yo. Bon ekout!
Yon patwa se yon diskou yon ti gwoup moun ap klewonnen nan konvèsasyon yo pandan yon peryòd nan yon sosyete. Se yon mwayen yo itilize pou pase moun nan betiz oubyen defoule yo fas ak kèk sityasyon ki fristre yo nan sosyete kote yo ap evolye a.
Avètisman se youn nan fonksyon pwovèb. Anpil fwa granmoun nou itilize pawòl sa yo pou di nou gen yon malè ki pandye sou tèt nou. " Sa m wè pou ou Antwàn nan Gonmye pa wè l", se youn nan pawòl ki gen anpil fòs...An nou aprann orijin li...
Souvan nou itilize pawòl kòde pou n fè mawonnaj lengwuistik, voye moun reflechi, oubyen pa krent pou n pa di klèman sa n panse pa respè pou moun ki ozalantou nou.
Feminisid sa vle di fanm k ap mouri akoz sèks yo pou kèlkeswa rezon an ap vale teren an Ayiti. Fòk vàn krim sou fanm lan stope...Ann leve vwa nou fanm ak gason konsekan. ASE! ASE!
BOUNDA Nini Kalakòm




