Gen yon seri de sijè nan sosyete pa nou an ki trete anndan kay paske yo sansib e yo fè mal. Gwoup Gabèl te deside abòde nan yon chante tematik :"Paka fè pitit". Nan epizòd 40 Memo Pòdkas la, Mé ak Mo t ap pataje konpreyansyon yo sou yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans. Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans. Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan epizòd 44 la, Fabrice ak Ricardo kontinye analize dezyèm ak twazyèm estròf nan ekstrè yo te pran samdi a pase a. Nap wè jan Harmonik prezante lòt aspè nan fanm lan ki fè li "Incroyable". Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan lavi gen bagay ki enkwayab. Harmonik, a travè on tèks trè powetik, t ap montre nou nan ki nivo yon fanm ka enkwayab. Nan epizòd 43 a, Fabrice ak Ricardo te pran plezi pou analize yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Chak moun gon fado y ap pote. Lè y ap rele on moun "pitit deyò", son pwa lou ki sou do l k ap peze l. Gwoup Klass te trete sijè sa a travè yon chante. Nou menm nan Memo Pòdkas te pran on ekstrè nan tèks sa pou nou te analize nan epizòd 42 a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Yon lòt sijè oze ke Me ak Mo deside manyen jodi a. Pou epizòd 41 an, nou al rale on ekstrè nan tèks "Ti Mafi" ke Krezi Mizik te pote pou nou pou dekri on reyalite ki tris men ki reyèl nan sosyete a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain. Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè. Pou epizòd sa a, Fabrice ak Ricardo pran tan pou dekòtike tèks la selon konpreyansyon yo, mete li nan kontèks li, epi ouvri pòt pou fè nou wè kòlè, fyète, ak revandikasyon k ap degaje. Yon vwa ki leve pou di non kont imilyasyon epi reafiye prezans nou nan listwa. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Aprè nou te finn analize ekstrè tèks Aimé Césaire ak Guy Tirolien, nou pa ta ka pa pran Léopold Sédar Senghor. Fabrice ak Ricardo kontinye nan manyen kouran "Negritude" la e yo ale nan manman mouvman, Lafrik. Pou epizòd 37 la, MeMo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Femme Noire" ke Léopold Sédar Senghor sèl Afriken nan fondatè mouvman "Negritude" la. Nou pral wè jan a travè bèl kout plim li lap pale de fanm nwa e de kontinen afriken an. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a. Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Prière d'un petit enfant nègre" Gwadloupeyen Guy Tirolien ekri. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nou menm ki kite lakay lontan, kilè n ap ka retounen pou n al met men nan pat la? Aimé Césaire, lè l te tounen lakay li te deside pou l pa rete kòm espektatè. A travè vwa l, pwezi l, li te pale pou sila ki san vwa yo, li te aji. Ricardo ak Fabrice, nan epizòd 35 sa t ap pale de yon ekstrè de yon bèl powèm k ap reveye nou. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Pou klotire mwa me a, ann al dekouvri Sarita Cynthia Pierre, yon fanm, kap pale de yon gwo fanm, Ayiti, manman nou tout. Nan epizòd 34 la, Ricardo ak Fabrice chita pou dekòtike yon ekstrè nan tèks gwo powetès sa. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts epi nap konprann pouki Sarita ap pale de "Terre de feu, de larmes et de courage". Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Koulè feminen pou mwa Me a ap kontinye. Nan kontèks sa, pou epizòd 33, Fabrice ak Ricardo te fon chita pale ak Rose Carlie Mars, yon entreprenè, yon manman ... Li t ap rakonte nou eksperyans li kòm entreprenè e kijan li balanse lekòl, fanmi, lwazi ak biznis li. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Emeline Michel, nan chante "L'odeur de ma terre" la te di : "On a un drapeau, nou koke l byen wo" Nan epizòd 32 sila, Mé ak Mo te pase a travè on ekstrè tèks sa e te tou pwofite fè on ti klen dèy a drapo ayisyen an n ap selebre nan dat 18 me a. Ant analliz literè ak emosyon kolektif n ap onore tout sa drapo nou reprezante. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w poko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan Amerik di Nò, peyi tankou Etazini ak Kanada selebre manman yo dezyèm dimanch nan mwa me a. Fabrice ak Ricardo dedye epizòd 31 an ak tout MeMordus manman ak manman MeMordus yo. Nou pwofite pou pale de kijan kèk otè pa bò lakay pale de manman. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Lè ekriti kontre ak kuizin, kreyativite pran gou ak koulè. Nan epizòd 30 la, Fabrice ak Ricardo te gen chans akeyi chèf Patricia Joint. Li ki t ap rakonte nou kijan l fè vin chèf, sa ki make l depi lè nan domèn sa men tou li te profite fè rapwochman ant kèk eleman esansyèl pou byen ekri on tèks ak kèk eleman enpòtan pou byen prepare on pla. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Fabrice ak Ricardo pa nan koulè mouchwa menm si yo pran ekstrè 2 tèks Barikad Crew ak Rockfam Lame-a pou yo analize. Nan epizòd 29 lan, nap konpare 2 klasik sa yo "Jwi la vi w" ak "Jodi a pa demen". Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan epizòd 28 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de verite pou analize. Yon kote nou gen "Ban m verite" (yon tèks de yon chante entèprete pa Kadilak e Misty Jean) epi yon lòt bò nou gen "Istwa kache" (tèks de yon bèl chante de ansyen gwoup Toxic). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Nan epizòd 27 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de vagabon pou analize. Yon kote nou gen yon "vagabon for life" (tèks ki sou albòm Viktwa ke Kreyol la lage an 2007) epi yon lot bò nou gen "yon vagabon chanje" (Baky sou albòm Chante ap rete chante). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Pou dekri e denonse reyalite peyi a Klib nan tèks "Boutèy anlè" konpare machann tafya ak politisyen. Se yon ekstrè nan mizik sa ki sou albòm "Mes tourments" Klib ekri, Fabrice ak Ricardo ap prezante nou e analize nan epizòd 26 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
Patrice Jean se envite nan epizòd 25 Memo Pòdkas la. Yon medsen de pwofesyon, yon bòdibildè de wo nivo, yon ekriven pasyone; avèk li Fabrice ak Ricardo te fè on bèl ti kozri. Al tande epizòd sila pou dekouvri poukisa se medsin li te chwazi, kijan l te komanse nan koze bat fè e sitou pou kiyès li pran plezi ekri. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.