Menm lè nou pat vrèman al ankenn kote, nou BACK lol... pou nou pote SANTYÈM epizòd Tchilaks Podcast la ki trè espesyal.Nap pouse pou pi devan pou nou ka ajoute yon zero dèyè 100 an. ENJOY!
Dènye jou sa yo gen yon sòt de boykotaj kap fèt sou rezo a kote yon seri de endividi ki enfliyan sou platfòm TikTok la deside kraponnen fanatik kèk atis pou fè yo pa al patisipe nan konsè oswa pwogram ke atis silaa yo ap pèfòme ladan yo.Demach sa selon endividi sa yo se pa paske yo mechan oubyen egri de atis yo men pito se yon siy pou temwanye kijan yo pa dakò avèk le fèt ke atis yo an jeneral rete bouchbe nan sa kap pase Ayiti yo.Èske li jistifye? Èske li byen fèt? Èske lap vrèman pote fwi? Se sa Thierry ak Johel tap debat nan epizòd 99 la pandan yo tap TCHILAKS kòm dabitid.ENJOY!
Aprè yon kòmantè Blondedy Ferdinand te fè nan mikro 2 Tout et de Rien kote li te deklare ke gason ayisyen PRAN PLEZI NAN FÈ FI SOUFRI, ti mesye yo te pran yon ti tan pou reflechi sou deklarasyon chòk sila a.Nan epizòd sa a, yo analize deklarasyon an, yo mete l’ an kontèks epi yo fè yon zoom sou defo ak kalite ki karakterize gason ayisyen – depi vizyon sou fanm rive sou fason yo viv ak relasyon yo.Prepare'w pou'w tande yon bon ti deba ki plen analiz, blag ak ti verite ki ka fè nou reflechi.Enjoy!
Epizòd 97 la jan tit la dil la se yon recap de patisipasyon timesye yo nan Labor day 2025 lan ki tap fet nan vil New York. Malgre yo pat enjoy li de kòmansman alafen, kanmenm yo deside pataje ti experyans yo fè a ak oditwa podcast la.ENJOY!
Pafwa fè apwòch pou jwenn s*x vini ak yon pil kastèt chinwa, se sou sa timesye yo ap debat nan epizòd 96 la, nan pataje eksperyans pèsonèl griten dan mete pye kidonk ENJOY!
Epizòd 95 la se yon melanj de yon ti recap sou selebrasyon timesye yo te al fè lèd ladanl semenn pase a ak reyaksyon sou kòmantè 2 epizòd pase yo.ENJOY epi kòmanse pare nou pou epizòd 100!!!
Zero PAUSE!Lex ak Jefferson RE rejwenn panèl la. 2 zanmi ESPESYAL podcast la ki kòm dabitid kontribiye avèk ti mesye yo pou pote epizòd 94 la ki rich ak enfòmasyon, rich ak opinyon, rich ak bèt, rich ak flay kidonk rich ak griyen dan.Ti mesye yo fè yon sèl lage: ZERO PAUSE pou yon bèl deba ki te kouvri anpil sijè ki te enteresan e enstriktif. Nou espere ke wap jwenn anpil kontantman nan koutel.Enjoy!
Jeff te nan kay la avèk timeusyeu pou debat yon sijè byen spesifik men bagay yo chavire epi epizòd la vire an BAUNUSSE!!!Enjoy rèd rèd rèd!
Epizòd 92 la gen menm fòma ak epizòd bonus timeusyeu yo te konn fè yo sof ke sila a pa gen LEX aka Vlex aka l'homme qui promène ses chiens sou li lolENJOY!
Epizòd 91 lan se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap mete may sou fidèl oditwa TCHILAKS la pou eksplike rezon ki fè 3 semenn pase san yon epizòd pa soti. LolEnjoy epi pa bliye fè nou konnen si may yo pase!Randevou kase san mank / san ratman pou epizòd 92!
Epizòd 90 la se yon Ti Bat Bouch sou aktyalite politik resan yo avèk Jean Luc epi Dimitri.ENJOY!
Nan epizòd 89 la, timesye yo te gen onè resevwa 2 "amies" podcast la ki se Castrandre ak Dahana pou te debat yon sijè ke yon lòt "amie" chè podcast la te reklame: Koup kap VIV ANSANM nan kay!Se te yon bon deba paske te gen vèsyon 2 gason ak vèsyon 2 fi, te gen tou 2 ka de koup ki pap viv ansanm ankò ak 2 ka kote koup yo toujou ap viv ansanm.Pandan yo tap Tchilaks, yo pase sou pèsepsyon granmoun ak anpil moun jouk jounen jodia sou fenomèn viv nan kay ansanm avan maryaj la.Te gen gwo kou rit, anpil blag, anpil bèl pozisyon ak opinyon... an brèf: TE GEN PLEZI!ENJOY epi nap kwaze lòt semenn pou nou tchilaks pi rèd!
Nan epizòd 88 la, ti mesye yo ansanm ak Jefferson te kòmanse pase sou kèk news ki nan lari an semèn sa e yo te klotire epizòd la nan pale de atis Wendyyy ki se yon atis ayisyen ki pase de prezantasyon ak nouvo album li ki soti ki rele “3”.Sou panèl la opinyon yo sou atis la, kapasite'l pou'l ekri ak delivre divèje.Te gen bèl ti diskisyon ki fèt tou sou rap kreyòl an jeneral.Enjoy!
Lè de moun marye, youn entegre fanmi lòt men se pa tout fwa entegrasyon sa a konn fasil.Aprè yon ti rale mennen vini sou epizòd semèn pase a epi yon ti pale sou fim "Kidnapping Inc" lan, ti mesye yo avèk Jefferson te diskite de relasyon avèk ansyen bèlmè, nouvo bèlmè, brèf bèlmè an jeneral...Pwendvi a, evidaman, se relasyon gason ak bèlmè yo ki se yon relasyon ki trè detèminan nan “sante” relasyon ak madanm yo.Jodia pandan yap tire sou pwóp eksperyans pa yo mesye yo tap pale de sa.Enjoy!
Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc.Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa nou te wè yon fim lakay, emosyon li te leve lakay nou, ak jan li te fè nou santi nou reprezante sou gran ekran an. Chak moun te gen fim pa yo ki te make yo, sòti nan gran klasik tankou La peur d’aimer, Piwouli , I Love You Anne etc , rive nan travay plis resan ki kontinye mete limyè sou kilti nouNou te analize tou sa yo rele "peryòd dore" sinema ayisyen an — epòk kote anpil fim te ap sòti ak enpak, kote reyalizatè yo t ap eksplore divès tematik: politik, lanmou, relijyon, sosyal, e menm mistik. Se te yon moman kote sinema te vin tounen yon zouti refleksyon kolektif, yon mwayen pou di verite, eksprime kilti etcDiskisyon an te mete aksan sou evolisyon sinema a, defi l ap fè fas — tankou mank finansman, pwoblèm difizyon, pirataj etc.Enjoy!
Yon ti deba sou èske Johalex ak Lhee gen menm pwojè sa ke tout ayisyen toujou genyen pou yo retounen al viv lakay yo Ayiti.
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo.Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc...Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a 😂
Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo. Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a. Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon sou sa li aprann epi li te reponn ak anpil senserite. Se te yon konvèsasyon ki ouvè lespri nou, ki ban nou plis konpreyansyon sou yon kominote anpil moun tande pale de li, men pa toujou vrèman konnen kijan yo fonksyone. Emisyon an te rich, li te chaje ak bon jan refleksyon e nou swete tout moun k ap koute ap jwenn li itil menm jan ak nou.
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo.Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a.Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la.Enjoy!
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so...ENJOY! 😅