DiscoverVerite Sou Tanbou
Verite Sou Tanbou
Claim Ownership

Verite Sou Tanbou

Author: Yves-Marie & Stevens

Subscribed: 0Played: 0
Share

Description

Verite sou Tanbou - Aktyalite-Sosyete-Kilti. Verite sou tanbou se yon espas kote Yves-Marie ak Stevens brase lide sou sa yo li, sa yo wè, sa yo tande, sa yo aprann, toupatou. Atravè yon apwòch feminis, nou kritike fason sosyete a konstwi fi, gason ak lòt gwoup epi nou gade ki jan nou ta ka devlope pi bon rapò moun ak moun ann Ayiti. Objektif la se pou nou pale sou jennda, ekite, egalite, elatriye, nan yon anbyans rilaks kote respè ak bon jan enfòmasyon se sa ki prime.
23 Episodes
Reverse
Fanmi (epizòd final)

Fanmi (epizòd final)

2023-08-1701:09:47

Nan dènye epizòd sezon 1 an, nou konsantre nou sou fanmi. Nou gade fanmi sou plizyè kouti, alafwa nan sans restren li ak nan sans laj li.
Ekstrè 2 (S1E9)-final

Ekstrè 2 (S1E9)-final

2023-08-1701:01

Èske sosyete a vle fi pot non mari yo pou montre yo "gen mèt"? Yves-Marie pataje yon anekdòt ak nou.
Ekstrè 1 (S1E9)-final

Ekstrè 1 (S1E9)-final

2023-08-1701:58

Nan ekstrè sa ki soti nan dènye epizòd sezon 1 an ap genyen an, yon epizòd ki fokis sou fanmi, Stevens pale de ka timoun ki pote siyati manman yo ann Ayiti.
Maryaj (Envite: Donia Luc)

Maryaj (Envite: Donia Luc)

2023-08-0301:19:55

Nan epizòd sa, nou resevwa Donia Luc (@zabokaluc sou TikTok) pou vin pale ak nou sou maryaj. Nou gade e kesyone sa maryaj reprezante ak enplike pou fanm ak gason. Nou kritike l kote pou n kritike l men nou rekonèt bon kote li tou.
Yves-Marie di anpil moun (anpil fi) pa ere vre nan maryaj...
Donia ap esplike nyans ak limit ki genyen nan fòmil 50-50 lan anndan koup.
Donia ap esplike maryaj ann Ayiti petèt yon pwoteksyon pou fi vre parapò ak plasaj, men èske nou pa ta dwe batay pou fi jwenn pwoteksyon kèlkeswa tip inyon an?
Lanmou womantik

Lanmou womantik

2023-07-2001:48:15

Nan epizòd sa, nou eseye defini lanmou, dekòtike lanmou, di sa l ye ak sa l pa ye, gade jan l aji sou kò nou ak lespri nou, sou fanm ak gason, ak jan l manifeste an fonksyon sosyete ak kontèks w ap viv ladan an. Se yon epizòd nou prepare ak anpil lanmou ni pou moun ki kwè nan lanmou ni pou moun ki gen dout toujou.
Yves-Marie di poukisa e nan ki sans li pa konsidere tèt li kòm yon womantik
Stevens revele li se yon womantik.
Ti goute-Tande jan kèk timoun te defini lanmou!
Zanmi

Zanmi

2023-07-0601:37:54

Yon epizòd sou zanmitay ak divès fason li manifeste.
Men kijan Stevens ak Yves-Marie defini zanmitay. Sòti sou tip lanmoun philia ansyen Grèk yo te defini pase pran definisyon nan diksyonè rive sou diferan tip zanmitay.
Kisa k friendzone lan? Poukisa nou lage moun nan friendzone? Èske moun sa yo zanmi nou vre?
Kominote M

Kominote M

2023-06-2401:37:17

Nan epizòd sa, nou resevwa 2 envite, Gio Casimir ak Thara Layna Saint Hilaire, pou pale nou de sitiyasyon Kominote M nan ann Ayiti. Nou envite w suiv yo sou rezo sosyal. Anvan, nou diskite sou aktyalite popilè nasyonal ak entènasyonal, espesyalman dosye Frankétienne nan ak dosye soumaren ki t al chèche vizite epav Titanic lan. Nou pale tou de plizyè santèn refijye ki mouri nan lanmè e konpare atansyon medya bay chak dosye sa yo. Randevou kase pou jedi 6 jiyè pou yon lòt epizòd.
Kominote M - Ekstrè 2

Kominote M - Ekstrè 2

2023-06-2404:42

Nan epizòd sa a, Thara Layna Saint-Hilaire pale nou de stereyotip ak lide tou fèt k ap sikile sou Kominote M lan. Thara raple nou omoseksyalite pa yon chwa.
Kominote M - Ekstrè 1

Kominote M - Ekstrè 1

2023-06-2402:19

Èske vodou enklizif? Èske se yon espas kote moun ki nan Kominote M la an sekirite? Koute repons Gio Casimir (fotograf; animatè pòdkas Bri Kouri).
Relasyon ouvè

Relasyon ouvè

2023-06-0801:24:37

Si nou di w relasyon an V, èske w konn de kisa n ap pale? Nan épizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie resevwa premye envite spesyal (Max Raymond Junior) pòdkas la pou kontinye konvèsasyon sou relasyon ki pa monogam yo. Soti sou diferan fòm relasyon sa yo ka pran rive sou kijan sosyete nou an wè stil relasyon sa yo, Max Raymond Junior fè yon bèl rale sou relasyon sa yo. Èske n konnen Yves-Marie se fanatik Beyoncé? Èske n konnen Stevens pa konprann kijan moun fè fè fèt san yo pa bay manje? Nan ti bat bouch yo fè sou aktyalite ak kilti a, Stevens ak Yves-Marie te pale de diferans laj nan relasyon womantik yo, de konsè Beyoncé ak Burna Boy yo. Stevens te rakonte nou kijan l tonbe sou yon fèt katye k fè l sezi. N ap raple w mwa jen se mwa Fyète kominote LGBTQ a, nou envite w suiv Thara Layna Saint Hilaire (@marucheka, sou Twitter) ki se feminis e k ap pataje anpil bon kontni sou reyalite kominote a mwa sa a. Nou envite w suiv For Harriet sou YouTube (kontni an anglè) si w enterese ak kontni feminis nan lang sila a.
Nan epizòd sila a, nou mande envite spesyal nou an kijan l panse relijyon ap wè koze relasyon ouvè a nan peyi dAyiti. Nou tèlman renmen repons li ban nou an... :)
Enfidelite

Enfidelite

2023-05-2501:48:34

Kisa ki enfidelite nan kad relasyon womantik yo? Èske relasyon ouvè se yon solisyon pou kwape enfidelite? Nan epizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie ap brase lide sou konsekans enfidelite konn genyen, sou de pwa de mezi sosyete nou an genyen pou enfidelite fanm ak enfidelite gason, sou sa ki enfidelite pou yo. Rekòmandasyon semèn lan: pòdkas Elles sont; pòdkas Multiamory.
loading
Comments 
loading