DiscoverKoze Kilti VyòlPawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl
Pawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl

Pawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl

Update: 2020-11-141
Share

Description

Nan Jenèz, chapit 19 gen istwa yon tantativ vyòl kolektif. De zanj Bondye rive Sodòm nan aswè, Lòt akeyi yo lakay li. Gason nan vil la ki aprann sa vin devan pòt la, mande lage mesye yo ba yo pou yo fè kadejak sou yo. Lòt ofri de pitit fi li yo ki tifi pito. Mesye yo pa dakò, yo bourade Lòt, yo vini pou defonse pòt la pou yo rantre men zanj yo vegle je malfektè yo epi Lòt ak fanmi l sove kite Sodòm. Pita, toujou nan Jenèz chapit 19, pitit fi Lòt yo fè l bwè epi fè kadejak sou li; nan tèks la li di klèman Lòt te sou, li pa t konn anyen. De pitit fèt, zansèt moun Moab yo ak zansèt moun Amon yo.


Labib la gen plizyè enstans konsa kote kadejak prezante kòmsi se pa t anyen. Lòt jis ofri pitit fi l yo pou yon gwoup gason fè kadejak sou yo; pitit fi l yo jis dwoge papa yo pou yo ka ba li yon desandans.


Se sou aspè sa kote pawòl legliz konn banalize kadejak, envite nou, Patricia Camilien, pral pale avèk nou.




Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e05


Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Comments 
loading
00:00
00:00
x

0.5x

0.8x

1.0x

1.25x

1.5x

2.0x

3.0x

Sleep Timer

Off

End of Episode

5 Minutes

10 Minutes

15 Minutes

30 Minutes

45 Minutes

60 Minutes

120 Minutes

Pawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl

Pawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl

Koze Kilti Vyòl