DiscoverKoze Kilti VyòlPawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl
Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

Update: 2020-10-31
Share

Description

Nan Leya Kokoye, yon lodyans Maurice Sixto sou inegalite nan peyi a. Leya, ki te loreyat pwomosyon l nan pedagoji ak daktilografi, ap prepare l pou l ale nan randevou nan Ministè Edikasyon Nasyonal pou l al chèche yon travay. Zafè fanmi Leya pa bon, men Leya gen yon fanmi ki diy. Anvan l kite kay li, manman l raple l pou l pa kite vagabon ranse ak figi li.


Minis lan se te yon pa itil, ki gen kòm sèl dokiman sou biwo l yon liv pònografik yo rele Les 27 pauses. Antrevi a pa byen pase, Leya soti imilye. Pandan l ap sòti pral lakay li, medam k ap travay nan biwo a ri li.


Akèy sa totalman diferan ak pa Lili de la Fouquechaude la. Li menm,san l pa gen ankenn kalifikasyon, jwenn travay tousuit ak anpil avantaj paske l s on bèl fanm, santibon, ki aksepte sòti ak Minis la.


Istwa sa nan lodyans Maurice Sixto a, se reyalite anpil moun sou mache travay la jodi a, kote patwon mande ba yo yon bagay pou moun ka jwenn yon dyòb, rete ladann oubyen jwenn pwomosyon.


Se sou aspè sa, kote yon seri pawòl ak pratik nou aksepte nan milye travay yo vin ranfòse dominasyon gason sou fanm nan peyi a, envite nou Chantal Élie, pral pale avèk nou.


Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e03

Comments 
00:00
00:00
x

0.5x

0.8x

1.0x

1.25x

1.5x

2.0x

3.0x

Sleep Timer

Off

End of Episode

5 Minutes

10 Minutes

15 Minutes

30 Minutes

45 Minutes

60 Minutes

120 Minutes

Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

Koze Kilti Vyòl