DiscoverTi Chèz Ba The Podcast
Ti Chèz Ba The Podcast
Claim Ownership

Ti Chèz Ba The Podcast

Author: Miss Soy Bamby Rocky Nanourz Vee

Subscribed: 47Played: 966
Share

Description

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!
22 Episodes
Reverse
Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te pale sou koze asèlman nan kominote ayisyen an. Yo te fokis an patikilye sou asèlman nan milye travay apre yo te defini tèm nan epi elabore sou kad legal sijè a.Yo te resevwa Stacy, yon jèn fanm ki te chwazi pataje eksperyans li kote li te sibi dè zak asèlman nan biwo kote li t ap travay. Stacy te eksplike ki jan sa te make l e ki jan li te arive simonte eksperyans sila.Yon konvèsasyon entim ki depenn pratik ki komen nan sosyete nou a!
S 02 Episode 9 - Covid-19

S 02 Episode 9 - Covid-19

2020-10-1501:01:26

Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène.  Yo te brase lide sou Covid-19 e ki jan sa te afekte peyi Dayiti ak antouraj yo.Doktè a te rakonte ki jan pandemi a te afekte li nan travay li, ki jan li te adapte a nouvo viris sa a epi ki efè maladi a fè sou ni malad ni pèsonèl medikal la. Yon pèspektiv ki diferan e ki te pote anpil lòt aspè nan kestyon Coranavirus la!
Apre yon ti tan Abèy yo tounen !Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl!Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te chanje nan lavi chak jou yo! Pi plis toujou, Abèy yo te fè yon rale mennen vini sou eksperyans pa yo ak koze lanmou! Branche pou pataje moman entim sa !
S 02 Episode 7 - Rape

S 02 Episode 7 - Rape

2020-05-0101:28:22

Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo.Nan epizòd sa nou resevwa de envite:Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pataje eksperyans li ak nou. Ak anpil kouraj li echanje pawòl ak nou sou ki jan li te viv dram sa e ki jan li kontinye viv vi li an apre.Nou resevwa tou Mèt Françoise B. Bonhomme, yon avoka ayisyen. Li pataje konesans li sou aspè legal kestyon vyol la epi eksperyans li nan entèraksyon li ak viktim agresyon seksyèl e latriye. Sijè sa te leve anpil emosyon epi li grafik anpil kidonk epizòd sa a pa rekomande a timoun piti.
Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo.Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pandan ak apre etap sa nan la vi yo. 
S 02 Episode 5 - Voodoo

S 02 Episode 5 - Voodoo

2020-03-3101:03:40

Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon. Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te genyen sou relijyon vodou. Avè l yo te dekouvri plis sou pratik vodou, sou sa li menm li konsidere ki bon nan vodou, sou move konsepsyon ki genyen sou relijyon a epi sou lavi li kòm yon Manbo k ap viv nan peyi Dayiti!
S 02 Episode 4 - Abortion

S 02 Episode 4 - Abortion

2020-03-1501:04:08

Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi  bwose sou risk kèk ladan yo ka pote. Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon.Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal.
Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti.Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l sitou an pwovens.Ansanm yo te de defini tèm transjan e te pwofite adrese obstak moun transjan afwonte chak jou an Ayiti.Se premye epizòd ki te anrejistre ak videyo tou sa vle di ou ka toujou al gade vèsyon videyo a sou chanèl Youtube Ti Chèz Ba The Podcast!
S 02 Episode 2 - Business

S 02 Episode 2 - Business

2020-02-1501:02:182

Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a.Pou gen diferan pèspektiv yo te fè apèl a Fito Regnier, Direktè Jeneral Top Tires, yon konpayi ki nan fanmi l depi lontan. Fito te eksplike tchalenj ki genyen lè w ap entegre yon konpayi ki deja etabli pa fanmi w e ki jan li te rive pote apò pa l epi pote nouvote pou kreye chanjman.Pou yon lòt pèspektiv toujou, Abèy yo te chita tou ak Giuliano Puzo ki se pwopriyetè Cheveux Gina.Se yon biznis li te monte pou kò l e ki te pase plizyè etap anvan li te rive sa l ye jodia.Ansanm yo te eksplore kèk obstak ki genyen pou jèn antreprenè ki vle monte afè pa yo nan yon peyi kote atmosfè a souvan pa ofri anpil opòtinite pou envestisman dirab.
S02 Episode 1 The Help

S02 Episode 1 The Help

2020-02-0158:431

Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo.Yo te resevwa Melissah ki te pataje opinyon li ak eksperyans pa l ak pèsonèl domestik. Ansanm yo te abòde plizyè aspè sou koze a tankou: salè, inifòm, benefis e latriye!
Bonus Episode - Q & A

Bonus Episode - Q & A

2019-12-1035:14

Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo. Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon an epi ki atant yo ta genyen pou yon nouvo sezon.Epizòd sa dedye espesyalman a tout oditè yo ki pataje ti moman konvèsasyon ak Abèy yo chak kenz jou. Li dedye tou a tout envite yo ki te pataje lide ak eksperyans yo sou sijè  nou chwazi. Yon gwo kout chapo bay Coky ki fè editaj ak montaj epi bay Cedric ki anrejistre epizòd yo.Mèsi sitou pou tout fidbak nou pataje, mesi pou tout mo ak mesaj yo. Rete branche lane pwochèn pou yon lot sezon Ti Chèz Ba The Podcast
Episode 11 - Religion

Episode 11 - Religion

2019-12-0201:20:16

Nan dènye epizòd pou sezon an, se sou sijè relijyon konvèsasyon an te chita, Abèy yo te envite Stanley Georges pou fon ti koze sou eksperyans pa li ak lafwa.Li te temwanye de kijan li viv relijyon li an Ayiti, kijan li te tounen do l bay pase l pou l te rejwenn tèt li kòm kretyen.Medam yo te poze li anpil kestyon sou pratik ak tradisyon relijyon, sou kisa Bondye reprezante nan lavi li epi sou kijan lòt moun ki pa gen kwayans sa yo ka konprann relijyon.
Episode 10 - Depression

Episode 10 - Depression

2019-11-1501:04:393

Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a adrese sijè Depresyon.Nan epizòd sa nou te resevwa CATHERINE, yon jèn fi 24 lane ki te vinn chita avèk nou pou pataje eksperyans li kòm yon moun ki soufri depresyon. Ansanm nou te dekouvri efè depresyon te genyen sou lavi li e kijan maladi sa afekte relasyon l ak pwòch li.Pou epizòd sa a, nou te resevwa tou Phaïdra Laraque, yon sikològ ki te vinn bay opinyon pwofesyonèl li sou koze depresyon.Prezans li te enpòtan pou nou te ka konprann sijè a pi byen, pou nou te ka sène konvèsasyon ak Catherine nan pi byen epi pou nou ka ede piblik la ak dè lide fòme ki baze sou plis pase opinyon pa nou.PS: Tanpri si w konn gen lide nwa oswa santi ou konn fè fas a eksperyans tankou sa ki dekri nan epizòd la, chèche pale ak yon moun ki fòme pou sa.
Episode 9 - Cyberbullying

Episode 9 - Cyberbullying

2019-10-1501:02:522

Nan epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, medam yo te adrese sijè asèlman sou entènèt.Nan tan n ap viv yo, rezo sosyo nan sant aktivite jèn yo. Koze asèlman sou entènèt afekte anpil nan nou an Ayiti, yon peyi kote pa gen okenn paramèt legal pou pwoteje moun kont zak sa yo. Abèy yo te chita ak Paska, yon atis ayisyen ki fè plizyè eksperyans an rapò ak asèlman. Ansanm yo te eksplore sijè a e pataje opinyon yo sou reyalite sa a nan peyi dayiti.
Episode 7 - Big Girls

Episode 7 - Big Girls

2019-08-3001:10:32

Nan epizòd sa a medam yo pale sou gwo fanm.Yo pale de pèsepsyon moun genyen sou fanm poutèt gwosè yo e kijan sa afekte yo nan lavi yo toulèjou.Yo resevwa Jinou, ki vinn pataje eksperyans pa l kòm yon gwo fanm ki pa t grandi nan peyi Dayiti men ki vinn abite la nan gramoun li.Ansanm yo te adrese kèk mit ki genyen sou gwo fi e eseye ofri pwennvi pa yo sou yo.
Episode 6 - The Fuckboy

Episode 6 - The Fuckboy

2019-08-1501:06:01

Nan sizyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast la medam yo abòde sijè Fòkbòy. Kisa yon fòkbòy ye? Ki sa ki vle di yon gason se yon fòkbòy?Yo te chita avèk T-Lo, yon gason ki di li te yon fòkbòy kwake nan moman an li kite vi sa a. Msyeu te reponn tout kesyon medam yo ak anpil kran e li mete anpil bagay klè pou tout moun rive konprann ekspresyon fòkbòy la!Epizòd sa pa pou timoun
Episode 5 - Sexuality Part 2

Episode 5 - Sexuality Part 2

2019-07-3101:09:372

Epizòd sa se dezyèm pati sou kesyon seksyalite medam yo te eksplore deja ak Philippe. Fwa sa a yo chita ak Annie Azor, yon lezbyèn ki ap viv nan peyi Dayiti ansanm ak menaj li. Annie pataje eksperyans li kòm yon omoseksyèl nan sosyete a, epitou tankou yon moun ki rekonèt oryantasyon seksyèl li depi li tou piti.Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a eksplore kesyon seksyalite, kesyon omoseksyalite e reyaksyon kominote a fas a dè mou ki fè chwa yon oryantasyon seksyèl ki pa etewo.Pòdkas sa gen kontni ki pa pou timoun.
Episode 4 - Relationships

Episode 4 - Relationships

2019-07-1501:03:18

Nan katryèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo abòde sijè relasyon. Yo pale de tout kalte relasyon e sa te rive mennen yo fè lyen ant relasyon an Ayiti ak klas sosyal.Nan epizòd sa tou, medam yo te reponn kèk kesyon yo resevwa sou rezo sosyo, toujou an rapò ak relasyon.
Nan twazyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo abòde koze sèks. Yo dekri kijan yo menm jèn viv seksyalite an Ayiti depi lè y ap grandi rive jouk kounyen an.Yo resevwa yon envite espesyal, Philippe, ki se yon jèn gason biseksyèl ki vinn chita pataje eksperyans li ak medam yo.Epizòd sa gen kontni eksplisit ki pa pou timoun.
Episode 2 - Self Esteem

Episode 2 - Self Esteem

2019-06-1901:01:291

Nan dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo adrese tèm estim nan tèt. Yo koze sou pratik moun fè sou kò tankou tatou, pèsing, eklèsisman po e latriye. Yo pale tou sou koze chiriji estetik e yo resevwa yon envite espesyal ki vinn pataje eksperyans pal sou sijè sa!Apresye dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast!
loading
Comments (5)

Jean-Michael Meme

I gen anpil outil ki sur place déjà ak disposition pou protéger moun contre violence base sur le genre ak orientation sexuel que moun yo jus pa konnen

Sep 18th
Reply

Jean-Michael Meme

M tap renmen nou fe yon podcast sou LGBT rights/ human rights en Haïti

Sep 18th
Reply

Jean-Michael Meme

As a LGBTI activist in Haiti, m vreman apresye emisyon an. Nou pale byen anpil.

Sep 18th
Reply

Tonie Cadet

It's for the second time I listen to ur podcast and girls you are dopes. I love your mindsets, your realness . So keep it up. U guys rock

Aug 8th
Reply

BIG_short_Girl

M renmen anpil sa a n ap di yo, medam ! 👌🏼

Jul 31st
Reply
Download from Google Play
Download from App Store